Jan te parèt, li t’ap batize nan dezè a, e li t’ap preche batèm repantans lan, pou padon peche yo. Mak 1:4 

E tout pèp la ki te tande’l la ak menm pibliken yo te jistifye Bondye, pandan yo t’ap fè yo batize yo nan batèm Jan an; men farizyen yo ak doktè la lwa yo, nan pa fè yo batize pa li, te rann desen Bondye a nil pou yo menm. Lik 7:29-30

BATEM YO

Batèm Dlo A

Batèm Sentespri A

Pale an Lang lan





Donk nou te antere ak li pa batèm nan nan lanmò’l la, pou ke, tankou jan Kris te leve vivan pami mò yo pa glwa Papa a, menm jan an nou menm tou te mache nan yon lavi nouvo Romen 6:4

Li te sove nou, non a koz bann zèv jistis ke nou te fè, men selon mizerikòd li, pa batèm rejenerasyon an ak renouvèlman Sentespri. Tit 3:5

Mwen menm, mwen batize nou, pou mennen nou nan repantans; men sila ki vini apre’m nan li pi pisan pase’m, e mwen pa merite pou pote soulye’l yo. Li menm, li pral batize nou nan Sentespri a. Matye 3:11