Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

ENPOZISYON MEN YO


1- Entrodiksyon


Enpozisyon men yo se pratik biblik e espirityèl, ki repose sou lapriyè pou moun, oswa pou beni moun, pandan’w poze men sou yo. Se yon ak espirityèl trè enpòtan e tou trè riske. Enpozisyon men yo enplike transmisyon oswa transfè pisans ak pouvwa. Nan yon lòt, ant moun ki enpoze men yo, ak moun yo enpoze men yo, gen toujou yon transfè pisans. Se sa ki fè enpozisyon men yo se yon gran danje sou plan espirityèl. Danje ki gen nan enpozisyon men yo tèlman gran ke Bondye trouve nesesè pou fè atansyon a sijè sa a. Se sa nou li nan 1Timote 5:22 “Pa enpoze pyès moun men avèk presipitasyon, e pa patisipe nan peche lòt moun; ou menm, konsève’w pwòp.” Ansèyman sa a fè pati yon lòt ansèyman trè enpòtan ki rele “Delivrans”, ke n’ap jwenn sou sit la www.mcreveil.org


2- Kisa ki pase kan y’ap enpoze men yo


Enpozisyon men yo se avan tou yon konba espirityèl. Kòm nan tout konba espirityèl, pisans espirityèl opoze yo nan konfli, e se pisans ki pi gran an k’ap ranpote. Plizyè bagay konsa prezante kan y’ap enpoze moun men. Ann eseye egzamine yo:


1-Si sila k’ap enpoze moun men yo se yon vrè pitit Bondye, e si sila yo ap enpoze men yo se yon pitit Bondye tou, transmisyon pisans lan fèt san difikilte. Nan lòt tèm, priyè a fèt avèk siksè tou 2 kote yo. Moun yo enpoze men yo, resevwa pisans yo transmèt li a, e retrouve gerizon’l ou delivrans li; e moun ki te enpoze men yo, resevwa nan men Senyè a yon renouvèlman pisans e onksyon Sentespri a.


2-Si moun k’ap enpoze men yo se yon vrè pitit Bondye, e si moun yo enpoze men yo se yon ajan satan, ap gen konfli. Transmisyon pisans lan ka, swa fè difisilman, swa pa fèt menm, swa fèt pito nan lòt sans. Sa vle di ke si ajan satan an ke yo enpoze men yo pi pisans ke pitit Bondye ki te pran risk enpoze men san disèneman, ajan satan sa a pral transfere pisans satanik li an sou sila k’ap priye a. Sila k’ap priye a ka kounye a posede pa demon yo ke ajan satan an tranfere’l yo.


3-Si moun k’ap enpoze men yo se yon ajan satan, e si moun yo enpoze men yo se yon vrè pitit Bondye, ap gen konfli. La a tou transmisyon pisans lan ka, swa fèt difisilman, swa pa fèt menm, swa fèt pito nan lòt sans. Sa vle di ke si pitit Bondye a ke yo enpoze men yo pi pisan ke ajan satan an ki te pran risk pou tante Bondye, pisans ajan satan sa a ap aneyanti pa pisans Bondye a, e pitit Bondye a ap chape a tantativ inityasyon nan dyab sa a, e pa gras Bondye li p’ap resevwa demon ke ajan satan an te vle transfere nan li yo.


4-Si moun k’ap enpoze men yo se yon ajan satan, e si moun yo enpoze men yo se yon pitit Bondye ki pa two solid espirityèlman, ajan satan an pral transfere’l pisans satan an, e posede’l pa demon yo. Pitit Bondye sa ap kounye inisye nan dyab, e ap posede de tout lespri sal yo ke ajan satan an te transfere’l yo.


5-Si moun k’ap enpoze men yo se yon ajan satan, e si moun yo enpoze men yo se yon lòt ajan satan, sa’k pi pisan an nan 2 yo pral rale pisans lòt la. Pa bliye ke kay satan, se konkirans ki renye. Yo chak vle pi fò e pi pisan. Yo fè lagè souvan, e yo menm souvan detwi youn lòt, pou vin pi pisan. Kan satan an se yon vrè danje. Pi fò yo devore sa ki pi fèb yo.


Men sa ki pase an reyalite pandan enpozisyon men yo. Kidonk se pa pou anyen ke Senyè a pa vle pitit li yo kouri san disèneman al enpoze moun men. Pitit Bondye dwe evite enpoze moun men nenpòt kòman. Alò li enpòtan pou tout pitit Bondye, pou konnen kan yo enpoze men, a ki moun yo enpoze men an, e a ki okazyon ou sikonstans pou enpoze men yo.


3- Enpozisyon men yo e delivrans lan


Menm si Anreyalite nou kapab pèmèt nou pou nou enpoze men nan prèske tout sitiyasyon posib, li enpòtan pou note gen ka ki pa nesesite enpozisyon men yo. Se ka delivrans lan ki fèt pou chase demon yo ki posede yon moun. Pou jan de ka sa yo, pawòl otorite a sèlman sifi. Kidonk konnen, pitit Bondye, ke nou pa bezwen enpoze men a moun kan problèm moun se sèlman posesyon demonyak. Se sa nou wè nan pasaj sa yo:


Matye 17:14-18 14Lòske yo te prèske rive prè foul la, yon nonm te vin met ajenou nan pye Jezi, li di: 15Senyè, gen pitye pou pitit gason’m nan, ki gen malkadi e ki soufri anpil; li te tonbe souvan nan dife e souvan nan dlo. 16Mwen te mennen’l bay disip ou yo e yo pa’t ka geri’l. 17Bann moun san lafwa e pèvès, Jezi te reponn, konbyen tan m’ap avèk nou ankò? Konbyen tan m’ap sipòte nou ankò? Mennen’l ban mwen isi. 18Jezi te pale trè di a demon an, ki sòti nan li, e pitit la te geri menm moman an.”


Travay 16: 16-18 16kòm nou ta prale nan lye lapriyè a, yon sèvant ki te gen yon lespri piton, e ki, nan devinèt te fè mèt li yo fè anpil pwofi, te vin devan nou, 17e li mete swiv nou, Pòl avèk nou, e li t’ap di: Moun sa yo se sèvitè Bondye trè wo a, e y’ap anonse nou chemen Sali a. 18Li te fè sa pandan plizyè jou. Pòl fatige te retounen, e di lespri a: Mwen òdone’w, nan Non Jezi Kris, sòti nan li. E li te sòti menm lè a.”


4- Enpozisyon men yo e gerizon


Pou maladi yo, nou ka pèmèt nou enpoze men nan chak ka, avèk disèneman byen si. Pisans gerizon an se nan enpozisyon men vrè sèvitè Bondye yo li ye. Se promès ke Senyè a te fè disip li yo nan Mak 16:17-18 “ Men mirak k’ap akonpanye sila yo k’ap kwè yo: nan Non’m, y’ap chase demon yo; y’ap pale nouvèl lang; 18y’ap pran sèpan yo, si yo bwè pwazon, li pa’p fè yo okenn mal; y’ap enpoze men a malad yo, e malad yo, y’ap geri.”


Dayè se sa Senyè Jezi e apot li yo te fè pandan ministè yo.


Mak 6:5 “Li pa’t ka fè okenn mirak la, sèlman li te enpoze men a kèk malad e geri yo.”


Lik 4:40 “Aprè solèy la fin kouche, tout moun ki te genyen moun malad ki touche pa divès maladi te mennen yo ba li. Li te enpoze men a yo chak, e li te geri yo.”


Travay 28:8 “Papa Pibliyis te alò nan kabann, li te gen lafyèv e dyare, Pòl, te al kote’l, te priye, te enpoze’l men, e te geri’l.”


Genyen ka se ni delivrans lan ni gerizon an li bezwen. Nan jan de ka sa yo. Nou ka itilize tou 2 metòd yo Bondye mete a dispozisyon pitit li yo. Pawòl otorite a, e enpozisyon men yo. Se sa nou wè Jezi te fè nan pasaj sa yo:


Lik 13:11-16 “Men te gen la yon fanm yon lespri te posede’l ki te rann li enfim depi 18 tan, li te koube, e pa’t ditou ka redrese tèt li, 12lè li te wè’l, Jezi te adrese’l pawòl, e li di’l: fanm, ou delivre de enfimite’w la. 13E li te enpoze’l lamen. Menm moman an li te redrese li, e li te bay Bondye glwa. 14Men chef sinagòg la, te fache dèske Jezi te opere gerizon sa a yon jou saba, li di foul la gen 6 jou pou travay; donk vin fè yo geri nou nan jou sa yo, e pa jou saba a. 15Ipokrit! Senyè a te reponn li, èske chak nan nou, jou saba a, pa detache bèf li ou bourik li, pou li mennen’l bwè? 16E fanm sa a, ki se pitit fi Abraam, e satan te kenbe’l mare depi 18 tan, fòk yo pa’t delivre’l de chèn sa a jou saba a?”


Men menm nan jan de ka sa yo kote pawòl otorite a e enpozisyon men yo itilize. Nou dwe kapab fè distenksyon ant delivrans lan e gerizon an. Kan nou egzaminen byen ka Lik 13:12-13 sa a ke nou sot li a, nou konstate ke Jezi te aplike 2 solisyon yo pou menm ka a, men yon fason separe. 12Lè’l te wè’l, Jezi te adrese’l pawòl e li di’l: Fanm ou delivre de enfimite’w la. E li te enpoze’l lamen. Menm moman an li te drese li, e li te bay Bondye glwa.” Jezi te itilize pawòl otorite a pou jere problèm posesyon demonyak la lè’l te di’l: Fanm ou delivre de enfimite’w la.” Answit, Jezi te enpoze’l lamen, pou jere aprè maladi a: 13Li te enpoze’l lamen”


Frè’m yo, menm si enpozisyon men yo pou delivrans lan se pa yon peche, konnen pou otan se yon inyorans. Nou pa bezwen enpozisyon men yo pou chase demon yo. Nou bezwen’l pi to pou geri maladi ki koze pa demon sa yo ke nou te chase yo.


5- Enpozisyon men yo e Batèm Sentespri a


Enpozisyon men yo se yon pratik ki ale pi lwen ke gerizon an. Li ka itilize tou pou priye pou Batèm Sentespri a. Se sa nou li nan pasaj sa yo:


Travay 8:14-1714Apot yo, ki te Jerizalèm, te aprann ke Samari te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pyè e Jan Samari. 15Yo te rive kay Samariten yo, yo te priye pou yo, pou yo te ka resevwa Sentespri a. 16Donk li pot ko desann sou pyès ladan yo. Yo te sèlman batize nan Non Senyè Jezi. 17Alò Pyè e Jan te enpoze yo lamen, e yo te resevwa Sentespri a.”


Travay 19:1-7 “Pandan ke Apolòs te a Korent, Pòl, aprè’l te fin pakouri gwo provens Lazi yo, te rive a Efèz. Li te rankontre kèlke disip, 2li di yo: nou te resevwa Sentespri a, kan nou te kwè a? Yo te reponn li: Nou pa’t menm tande di te gen yon Sentespri. 3Li di: de ki batèm nou te fè yo batize nou? E yo te reponn: Batèm Jan an. 4Alò Pol di: Jan te Batize batèm repantans lan, li te di pèp la pou yo kwè nan sila ki te vini aprè li a, sa vle di, nan Jezi. 5sou pawòl sa yo, yo te batize nan Non Senyè Jezi. 6Lòske Pòl te enpoze yo lamen, Sentespri a te vin sou yo, e yo te pale an lang e te profetize. 7Yo te anviwon 12 gason antou.”


6- Enpozisyon men yo e priyè rekòmandasyon


Anplis ka gerizon an e priyè pou Batèm Sentespri a, enpozisyon men yo ka itilize tou pou priye e rekòmande pitit Bondye yo pou yon misyon byen detèmine, pou yon vwayaj, ou menm pou elve yon pitit Bondye nan tit minis Bondye. Se sa pasaj sa yo revele nou.


Travay 6:1-6 “Nan tan sa a, nonb disip yo t’ap ogmante, Elenis yo t’ap mimire kont Ebre yo, paske yo te neglije vèv yo a nan distribisyon ki te fèt chak jou yo. 2Douz yo te konvoke pil bann disip yo, e di: Li pa nòmal ke nou lèse pawòl Bondye a pou se pare manje bay moun.3Se pou tèt sa, frè, chwazi pami nou 7 gason, ke yo rann bon temwanyaj de yo, ki ranpli Sentespri e sajès, e ke nou chaje yo anplwa sa a. 4E nou, n’ap kontinye mete nou nan priyè a e a minitè pawòl la. 5Pwopozisyon sa a te fè tout asanble a plezi. Yo te eli Etyèn, nonm plen lafwa e Lespri Sen, Filip, Prokò, Nikonò, Timon, Pamenas e Nikolas, moun Antyòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo. 6Yo te prezante yo bay apot yo, ki, aprè yo te fin priye, te enpoze yo lamen.


Travay 13: 1-3 “ Te genyen nan Legliz Antyòch la profèt e doktè: Banabas, Simeyon, ki rele Nijè, Lisiyis, moun Sirèn, Manayen, ki te leve avèk Eròd Tetrak la, e Sòl. 2Pandan yo t’ap sèvi Senyè a nan ministè yo e yo t’ap jene, Sentespri a di: Mete apa pou mwen Banabas e Sòl pou zèv mwen te rele yo a. 3Alò, le yo te fin jene e priye, yo te enpoze yo men, e lèse yo pati.”


1Timote 4:14 “Pa neglije kado ki nan ou a, ke yo te ba ou pa profesi avèk enpozisyon men yo nan asanble ansyen yo.”


2Timote 1:6 “Se pou sa mwen ankouraje’w pou bay kado Bondye a fòs ke’w te resevwa pa enpozisyon menm yo.”


7- Enpozisyon men yo e Benediksyon


Enpozisyon men yo ka itilize tou pou benediksyon yo, kòm pasaj Matye 19: 13-15 revele nou “13Alò yo te mennen ba li ti moun piti yo, pou te ka enpoze yo lamen e priye pou yo. Men disip yo t’ap repouse yo. 14E Jezi di yo: Lèse timoun yo, e pa anpeche yo vin jwenn mwen; Donk wayòm syèl yo se pou moun ki sanble avèk yo. 15Li te enpoze yo lamen, e li te pati kite zòn nan.”


8- Danje enpozisyon men yo


Sa ki pase nan enpozisyon men yo, mete nan limyè danje ki genyen nan ak sa a lòske’l fèt nan presipitasyon, e sitou lòske’l fèt san disèneman. Lè’w ki te nenpòt moun enpoze’w lamen nan moman delivrans ou priyè, pitit Bondye yo ekspoze yo a plizyè danje pami ladan yo inisyasyon nan dyab, malediksyon, e pawòl malefik yo. Donk, lòske yon ajan dyab lougawou enpoze’w lamen, se demon li voye nan ou, e se pa Lespri Bondye. E byen san pyès dout se pa benediksyon Bondye ki ka vini nan demon sa yo, se malediksyon.


Pitit Bondye yo dwe konprann tou kan yo enpoze moun lamen, yo enpoze yo a 2 gran danje: Yon kote risk pou demon posede yo si yo tonbe nan pyèj pou priye pou ajan satan ki pi pisan pase yo, e yon lòt kote, risk pou patisipe nan peche moun ki malonèt ki itilize riz e mansonj pou mande lapriyè, e ki kache peche yo. Si nou enpoze ipokrit yo lamen k’ap viv volontèman nan peche, e ki chwazi pa konfese peche yo, n’ap patisipe nan peche yo.


9- Fanm yo e enpozisyon men yo


Pitit Bondye yo ki konnen byen nan sent Bib la ke Bondye te fòmelman entèdi a fanm yo pou ansenye ou pou vini ansyen nan Legliz, yo mande tèt yo souvan si yon fanm ka enpoze moun lamen. Nou sot etidye sa enpozisyon men an genyen ladan. Enpozisyon men yo se non sèlman yon ministè konba espirityèl, men tou yon ministè otorite. Kidonk se pa yon travay fanm ki pou Jezi e ki dezire antre nan Syèl la.


Nou tout fanm yo, vrè sè nan Kris yo ki pou Jezi Kris vrè Bondye a, pa janm imite sirèn nan dlo sa yo ki kreye ministè yo e ki fè yo rele yo “sèvant Bondye”, yo pran tit pastè, evanjelis, elatriye, pa riz. Tout Jezabèl sa yo se ajan lanfè, yo voye pou sedwi inyoran e gate legliz la. Si nou kopye sa yo fè, n’ap boule avèk yo nan lanfè. Konnen yon fwa pou tout, tout Jezabèl sa yo n’ap rele “fanm pastè”, “fanm evanjelis”, “fanm doktè”, fanm profetès” ki gen pwòp ministè yo, “fanm apot”, ou tou senpleman “fanm ansyen”, yo se lougawou. Yo se demon yo voye depi nan mond fènwa a pou sedwi ak egare plis moun.


Si nou vle sove, kouri pou tout legliz ki kondwi pa lougawou sa yo, e kouri pou tout pastè demon ki nome yo a. Si se jan de lougawou sa yo ki te batize nou, e si youn nan lougawou sa yo te priye pou delivrans nou, konnen ke nou te inisye nan dyab, e nou posede.


Yon lòt kesyon, ke frè yo poze souvan se kesyon pou konnen si yon fanm omwens ka enpoze pitit li lamen. M’ap reponn kesyon sa a pa lòt kesyon. Li vle enpoze men a timoun yo paske pa gen pyès lòt moun ki pou fè li? Pa gen okenn frè ki gen matirite pou fè li? Li pa ka priye sèlman pou timoun yo san’l pa enpoze yo lamen?


Menm si anyen pa anpeche yon fanm priye pou pitit li pou li enpoze yo lamen, nou dwe kenbe nan lespri nou ke danje enpozisyon men yo rete menm jan an. Si swadizan a timoun ou vle enpoze men an se yon ajan satan, (e jan de demon sa yo swadizan timoun yo anpil nan jou nou yo nan fanmi yo, menm nan fanmi kretyen yo), ou menm fanm ki enpoze’l lamen, w’ap peye pri a. Si pitit ou a ou vle enpoze men an se yon ajan satan ki pi pisan panse’w, ou mèt tann anpil konsekans grav pou ak ou fè san reflechi a.


10- Fè atansyon


Pitit Bondye, pa janm tonbe nan pyèj priye pou moun ki mande nou pou nou enpoze yo lamen. Se ajan satan yo ye. Tout moun ki mande nou pou nou priye pou yo, mande nou klè pou nou enpoze yo lamen, yo se ajan satan, ki tann pyèj pou nou. Si nou tonbe nan pyèj enpoze yo lamen, non sèlman y’ap souse tout pisans nou, y’ap anile onksyon Sentespri a sou lavi nou, e kapab atenn nou pa pawòl malefik yo a. Konnen okenn vrè pitit Bondye pa ka mande nou lapriyè, e enpoze ki mannyè nou dwe priye pou li. Donk sa a se yon eleman disèneman avèk li n’ap kenbe ajan dyab yo. E si nou konnen swadizan kretyen ki te fè nou yon rekèt konsa nan pase, nou konnen yo kounye a. Se demon yo ye.


11- Konklizyon


Enpozisyon men an pa limite nan itilizasyon’l. Li aplike depi nan gerizon an rive nan benediksyon yo, pase pa lapriyè a pou Batèm Sentespri a, e lapriyè pou rekòmandasyon pitit Bondye yo a Bondye pou divès rezon. Sèlman aplikasyon’l dwe ankadre. Nan lòt tèm, enpozisyon men yo pa dwe ni yon sijè ògèy, ni yon sijè pou laglwa, ni yon sijè pou demontre pisans, ni yon sijè pou divètisman. Tout pitit Bondye serye, pou lanse nan enpozisyon men yo, dwe asire’l ke li ase solid espirityèlman pou fè’l san danje. Pa janm angaje nan enpozisyon men yo san disèneman. “Pa enpoze men a pyès moun avèk presipitasyon, e pa patisipe nan peche lòt moun, ou menm, konsève’w pwòp” 1Timote 5:22.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF