Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

COVID 19: ENTÈDIKSYON REMÈD EFIKAS YO


1- Entwodiksyon


Chè frè ak chè zanmi, kòm nou te di nou’l nan yon resan ansèyman ki rele "Mansonj Covid-19 la Devwale", Bondye kòmanse fè parèt kouraj plizyè medsen, chèchè, ak Moun, imen e konsyan, pou denonse ak ekspoze gran mansonj syèk ki rele Pandemi Covid-19 la. Kòm nou pral li’l anba a, gason ak fanm onèt konsyan sa yo yo batay otan ke yo kapab, pou demontre ak ekspoze montaj gosyè sa a ki soti nan ajan lanfè k’ap dirije mond sa a. Yo konfime tout bagay, sa ke Konferansye britanik la David Icke te ekspoze dènyèman an nan yon atik trè entèresan ke nou te mete a dispozisyon nou gen kèk mwa de sa, e ki gen pou tit "David Icke: Konspirasyon Covid-19 la". Sila nan nou ki poko li’l ankò ap jwenn li sou sit www.mcreveil.org nan ribrik Sante a.


Tèks ke n’ap propoze nou an anba a se transkripsyon videyo ki(disponib sou sit mcreveil.org) nan yon fim dokimantè Alexandre Chavouet, ki rele "MAL-TRAITÉS: Covid-19, Kòman Yo Pat Vle Malad Yo jwenn Remèd Efikas Yo". Moun profesyonèl sa yo e konpetan, denonse a figi yo dekouvri, kòman voryen yo k’ap dirije Lafrans lan, avèk konplisite konpanyon lòt peyi yo, te volontèman ak konsyamman te konbat medikaman ki te ka kapab geri malad yo, pou enpoze a medsen yo, bann pwazon ki te dwe touye malad yo an gran nonm.


Profesyonèl sa yo te chwazi pou mete vi yo ak profesyon yo a an danje pou ekspoze krim òganize sa a kont limanite, se: Dr. Jean-Jacques Erbstein: Medsen jeneralis; Pr. Didier Raoult: Profesè microbyoloji, direktè IHU Masèy; Pr. Christian Perronne: Chèf sèvis an enfeksyoloji nan lopital inivèsitè Raymond-Poincaré nan Garches; Dr. Éric Ménat: Medsen jeneralis, espesyalis an manje fitoterapi; Me. Fabrice Di Vizio: Avoka espesyalis medsen liberal yo; Dr. Éric Chabrière: Byolojis, reskonsab valorizasyon IHU Mediterane Enfeksyon; Pr. Michael Holick: Andokrinològ, espesyalis Vitamin D, profesè medsin – Bodson University; Dr. Claude Lagarde: Doktè nan famasi, byolojis, ekspè an mikronitrisyon; Pr. Vincenzo Castronovo: Medsin Prevantif Mikro-nitrisyonèl ak Fonksyonèl, Inivèsite Liège, Belgique; Dr. Dominique Baudoux: Doktè an famasi, direktè Kolèj Entènasyonal Aromaterapi; Pr. Cédric Annweiler: Chèf sèvis jerontològ CHU Angers (Maine e Loire); Dr. Pierre Kory: Pnemològ, direktè inite swen entansif. Yo tout rekonèt ke Covid-19 l la chanje an pandemi, se yon mouvman pou tronpe moun.


Fim dokimantè sa a konfime lòt revelasyon ke nou te mete a dispozisyon nou konsènan deriv Medsin Konvansyonèl yo, konsa ke plan satanik reptilyen sa yo k’ap dirije mond sa a. N’ap jwenn tout revelasyon sa yo sou sit www.mcreveil.org, nan Ribrik Sante a.


[Kòmansman Dokimantè a]


2- Mansonj ozalantou Hydroxychloroquine nan


Naratè: Mas 2020. Nou nan Gran Lès, nan mitan premye epidemi Covid-19 la. Profesyonèl sante yo nan rejyon an ap viv nan yon veritab kochma. Jean-Jacques Erbstein, Medsen jeneralis e otè liv "Mwen pa ka kite yo mouri", te an premye liy.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Mwen te kòmanse ap wè bann moun mouri e sal datant nou yo yo te transfòme an tranche. Nou te wè epidemi an ap monte an pisans, e nou te wè premye pasyan nou yo mouri, pandan yo te respekte egzatteman doksa gouvènman an, sa ki te vin aprè, yon fason yon ti kras ironik ak yon ti kras imoral, règ 4D yo: Doliprane-Dodo-Domicile-Décès. Yo pa ka kòmanse pou kite moun yo mouri san bouje ti dwèt yo. Nou se kan menm bann jeneralis. Sa fè 25 an ke mwen te enstale, e 25 an ke malad mwen yo fè’m konfyans. Mwen pa ka non plis di yo "Rete lakay nou e tann ke sa pase."


Yon apre-midi, mwen te wè yon jèn dam malad ki gen 40 an ki te gen sentom Covid la. Alò mwen te fè reflèks "Rete lakay nou, si sa pa ale pi byen, n’a rele’m…" Li te siprann mwen sou Messenger pandan li te di’m "Mwen pa byen." Li te minwi. Mwen te di "Men sat pase?" "Koute, mwen pa ka respire byen." Mwen te mande’l pou’l konte frekans respiratwa’l ki anba 30. La, mwen te di, wi se pa bon. Se pi wo 25 pou fè 15 lan. "Donk fè 15 lan imedyatman e mete’m o kouran." Donk, li te fè 15 lan ak retou 15, se te "Rete lakay nou."


Mwen panse ke a moman sa a, sèvis reyanimasyon an te bò enplozyon an. Alò mwen te di "Rete lakay nou, dakò. N’ap swiv konsèy yo. N’ap rele’m si vrèman gen nenpòt sa ki ta mal tonbe men m’ap vin wè nou demen." E landmen, mwen te ale wè’l, mwen te preskri’l prizan chaj teyorik la avèk li nou te panse. Genyen 4 trik. Te genyen Azithromycine, yon antikoagilan paske yo te kòmanse ap konnen ke te genyen bann kayo ki te ka fòme, yon medikaman pou ede’l respire, e pi Zen paske Zen an genyen bann propriyete antiviral. 48h apre, pa gen anyen menm ankò. Pa gen pyès sentom menm ankò. Nou te di tèt nou "Kenbe, gen yon bagay ki pase". Mwen te dwe trete 80 malad e konsta a te senp: Zewo ospitalizasyon e zewo desè. E zanmi’m Denis Gastaldi dwe a plis pase 100. Anfen, nou te twa jeneralis, nou pat rive lwen 200 malad ki trete pa Azithromycine avèk bann rezilta ki te kan menm dròlman ankouraje. E nou pa gen desè ankò menm e pa gen ospitalizasyon menm ankò.


Naratè: Dr. Erbstein ak kòlèg li yo deside ansanm pou pibliye yon tribin nan Lès Repibliken an, yon jounal rejyonal, nan bi pou pataje obsèvasyon prometè yo a avèk gran nonm.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Te gen yon ijans, yon ijans absoli. Moun yo t’ap tonbe tankou gravye simante, sa te mouri kan menm yon ti kras pi piti. Nou te rann kont ke nou te gen petèt yon solisyon, se pa solisyon an, men yon solisyon ki te devan nou. Donk nou te trè pridan. E se la ke problèm yo rive. Papye soti dimanch Pak. Lendi Pak, pandan li di ke: "Ki sa nou kòmanse ap fè la a?" E Prezidan Konsèy Lòd la di’m: "Kounye a fè sa ke nou vle, men nou kanpe tout kominikasyon."


Naratè: Malgre vi ki sove yo, Dr. Erbstein trouve li akize pa Konsèy Lòd la pou pat teni kont de konsiy gouvènmantal yo. 9 jwen 2020, malgre rezilta ankourajan yo ak efikasite yo te obsève de protokòl li a a baz Azithromycine ak Zen, DGS, Direksyon Jeneral Sante, ekri yon kourye a tout medsen Lafrans yo.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Kan DGS entèdi, dekonseye preskripsyon Azithromycine yo, non sèlman preskriptè yo tankou nou menm, nou pa konprann, men sa ki tèrib, se ke gran piblik la pa konprann. Paske gran piblik la, ki te trete pa Azithromycine avèk siksè, di "Men tann, kisa y’ap fè nou la a?"


Naratè: Poutan, desizyon sa a pa anyen nan konparezon avèk sa ki pase a avèk Hydroxychloroquine nan, yon lòt molekil ki pral trouve li nan kè pi gran polemik la. E pou kèk, nan pi gran eskandal syantifik 21e syèk la.


Pr. Didier Raoult: Kòman eksplike gè konplètman fou sa a, konplètman deliran kont  Hydroxychloroquine nan?


Naratè: Èske wi ou non nou ka kite bann moun yo mouri nan prive yo bann solisyon ki ta kapab sove lavi yo? Yo anpil nan mond medikal la pou yo konvenki de sa. Nan otan ke kòm nou pral dekouvri’l, plizyè tretman natirèl te montre ekselan rezilta kont Covid-19 la, san pa janm jwenn pi piti entèmedyè nan medya yo, ni pi piti soutyen nan men enstans sante yo. Pou kèl rezon ak nan enterè kiyès?


Pr. Christian Perronne: Kan gen yon pandemi, bò kote endistri famasetik la, yo di tèt yo ke toujou genyen lajan pou fè sa a, paske sa petèt bann milya endividi ki touche nan mond lan. Si yo jwenn yon medikaman e yo kapab sètifye’l pou sa, sa ka fè bann santèn milya dola rantre. Malerezman, kan gen yon pandemi, genyen bann moun k’ap reflechi "Fòk mwen sove en ijans malad la", e lòt ki panse pito, "Fòk mwen chaje bous mwen ak lajan."


Naratè: Pr. Perronne konnen trè byen deriv sosyete famasetik yo. Li te prezidan komisyon Ajans Medikaman e nan sen Wo Konsèy Sante Piblik la. Nan Òganizasyon Mondyal Sante, li te egzèse wòl Vis-Prezidan group ekspè sou politik vaksinal an Eròp. Pr. Perronne donk te okipe fonksyon ki pi prestijye yo nan enfeksyoloji. Men li te toujou defann malad yo kont panse inik medikal la. An 2017 deja, li te monte an brèch pou denonse eskandal ki lye a maladi Lyme nan.


Achiv – Ekstrè nan yon Jounal TV:
(Pr. Perronne nan sijè maladi Lyme): [Pr. Christian Perronne: Nan Lafrans jodi a, genyen bann santèn milye moun nan gran soufrans, ki rejte pa sistèm medikal la, ki paralize. Nan lechèl Eròp, se bann milyon. E pandan tan sa a, otorite yo di: Tout bagay byen. Donk se yon vrè eskandal sanitè.]


Naratè: An 2020, li pibliye "Gen yon erè ke YO pat komèt?" pou denonse notamman enfliyans endistri famasetik la nan tantativ dyabolizasyon Hydroxychloroquine komèsyalize an Frans sou non Plaquénil li a, yon tretman ansyen e bon mache, ki te demontre trè bonè yon efikasite prometè kont Kowonaviris la.


Pr. Christian Perronne: Se pi gran blag, malerezman sonm, medsin nan. Yo gen anpil etid ki te montre ke sa t’ap mache. Gen yon espès koalisyon entènasyonal, an menm tan Big Fama, bann Prezidan bann sosyete konesans ki touche anpil lajan bann endistri famasetik yo, nan tout yon ansanm bann group ekspè ki te boure bann konfli enterè. Yo te pase tan yo pou ap bay tap sou Hydroxychloroquine nan. E pou mwen menm, se yon gran eskandal.


Naratè: Istwa a li elas regilyèman ponktye pa anpil bann eskandal sanitè ki konfime ke endistri famasetik la ap chache anvan tou rantablite finansye, san konsiderasyon pou sante piblik la, souvan avèk konplisite bann ajans sanitè yo avèk ekspè yo nan konfli enterè.


Vioxx, anti-enflamatwa, preskri pou doulè ki lye a maladi atikilè yo ta provoke 160 000 kriz kadyak ak atak serebral e 40 000 desè anyen ke nan Etazini. Malgre fè yo, otorite sanitè yo kenbe Vioxx la sou mache a, jiska retrè li an 2004. Vioxx ta rapòte a laboratwa li 12,5 milya dola.


Eskandal Médiator a pral li menm tou kontribye pou revele deriv yo, e avidite endistri famasetik la. Ant 1976 e 2010, laboratwa Servier komèsyalize koupe-grangou sa a, ke efè segondè yo poutan yo konnen pa laboratwa a te koute lavi bann milye malad. Ajans Medikaman an te fèmen je e eskandal sa a te kondwi’l chanje non. Soti nan AFSSAPS, li te vin ANSM.


Pandan epidemi grip H1N1 an 2009, Lafrans te depoze plis pase san milyon ero pou achte nan Tamiflu, yon medikaman inefikas e toksik ki te entèdi o Japon, apre yo te fin soupsone pou koze lanmò bann timoun ak adolesan.


Nouvo tretman, vaksen, … Pou endistri famasetik la, Kowonaviris la reprezante yon opòtinite komèsyal san swit. Alòske bann laboratwa tankou Abbvie ou ankò Gilead tante pozisyone medikaman yo a sou mache Kowonaviris la, yon nonm vle vin boulvèse projè komèsyal Big Fama yo. Non’l: Didier Raoult. Konsidere nan mond lan tankou youn nan pi gran espesyalis bann maladi enfektye yo, Pr. Didier Raoult ap dirije IHU Meditèrane Enfeksyon Masèy, yon pòl 100% endepandan nan endistri famasetik la ak nan reyònman Mondyal la nan domèn maladi enfektye.


Nan kòmansman ane 2020, Pr. Didier Raoult ak ekip chèchè li a egzamine trè byen resan done bann syantifik Chinwa yo ki mete an avan efikasite yon tretman a baz Hydroxychloroquine, bann etid konteste briyamman pa kèk ekspè fransè.


Pr. Didier Raoult: Ke bann moun ki pat janm trete yon enfeksyon avèk Kowona a gen yon opinyon sou moun ki te gen 20 esè an kous, e pou sa eleman yo te sifizan pou ke gouvènman an ak tout ekspè Chinwa yo, ak ekspè fanm Chinwa yo, ekspè ki konnen Kowonaviris (pa sou papye, se metye yo menm), pran yon pozisyon ofisyèl pandan yo di, "Kounye a fòk yo trete avèk Klorokin enfeksyon avèk kowonaviris yo", se derezonab pou di "koute Chinwa yo yo moke sa."


Pr. Christian Perronne: Aprè, premye etid Didier Raoult te vini ki te gen bann kontak an Chin, ki te konnen tout sa e ki te kòmanse fè yon etid, … Nan kòmansman, se te sou 24 malad, yon ti nonm malad. Etid sa a deja te montre ke kèk bagay te pase. Donk li te konteste, "24 malad se pa anyen ditou." Aprè li te mete 80, aprè 1500, epi 3500, e la yo te kontinye pou di "men sa ke Raoult fè a, se nenpòt ki bagay."


Naratè: Alòske tretman Pr. Raoult la a baz Hydroxychloroquine lan sanble fè prèv li yo sou malad Covid-19 yo, otorite sanitè franse yo, konsa ke anpil bann ekspè montre yo etranjman retisan. 


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[Christian Estrogi: Nou genyen nan Lafrans chans pou genyen meyè syantifik franse a rekonèt sou sèn entènasyonal la. Pi gran chèchè a. Bon, mwen pa di’l, e li menm non plis pa di’l; dayè nou te prosede avèk entèvyou’l la kote li te reponn avèk anpil modesti gen kèk jou de sa; ke se solisyon an, gen yon remèd absoli pou a.]


Naratè: Nan Lafrans, pandan ke itilizasyon Hydroxychloroquine nan divize e sisite yon kontrovès demezire, a letranje anpil peyi ap itilize’l avèk siksè.


Pr. Christian Perronne: Trè rapidman, Gouvènman italyen an te pafètman reyaji. Ekspè italyen yo yo tou. Yo te di a tout jeneralis nan Itali yo pou bay Hydroxychloroquine. E yo te wè chit mòtalite a. Nan Pòtigal, depi nan kòmansman, yo te di a medsen yo pou bay Klorokin. Mòtalite a te trè fèb, enteryèman a 5%. An Grès, se te manyifik, yo te gen yon mòtalite trè fèb men yo te bay Klorokin a tout moun. E si nou soti an Eròp, gade Maròk, se 2% mòtalite, yo te trete tout moun pa Hydroxychloroquine, Azithromycine.


Naratè: E poutan, malgre done prometè sa yo, Minis Sante Olivier Veran fè yon anons ki pral fè efè yon bonb bò kote tout medsen franse yo. 27 mas 2020, Gouvènman an entèdi a medsen ki nan vil yo pou preskri Hydroxychloroquine.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[Olivier Véran: Wo Konsèy la ekskli tout preskripsyon nan popilasyon an an jeneral ou pou bann fòm ki pa sevè avèk estad sa a, nan absans li di, tout done prouve. Ann fè konfyans avèk chèchè nou yo.]


Pr. Christian Perronne: Kan Hydroxychloroquine lan te entèdi, mwen te profondeman choke paske piblikasyon syantifik yo te montre ke sa t’ap mache, eksperyans tout medsen yo te montre sa t’ap mache, medsen nan vil yo te kòmanse ap itilize’l, sa t’ap mache, e dekrè a te rann an ijans apre yon avi nan Wo Konsèy Sante Piblik la. Mwen te Prezidan Komisyon bann Malad Transmisib yo. Mwen konnen sa t’ap mache. Gen yon règleman enteryè, gen yon trete bann konfli enterè, anyen pat respekte. Pap gen reyinyon Komisyon, se yon group ekspè kote te genyen bann manm Konsèy la, ou pa, ki te reyini yo. Sa te valide pa Prezidan an san ke pat genyen okenn reyinyon, okenn vòt, okenn deklarasyon konfli enterè. Donk, deja, avi Wo Konsèy Sante Piblik la te totalman ilegal e Minis la te apiye’l sou li pou pase yon dekrè an ijans ki te yon eskandal absoli nan Lafrans, sa yo te lèse kreve moun yo, yo te entèdi medsen jeneralis yo ki te mobilize yo pou sove moun yo, pou trete moun yo. Lafrans se sèl peyi nan mond lan ki te entèdi medsen yo itilizasyon Hydroxychloroquine nan, sa ki te pou mwen yon eskandal Leta.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Sou fòm, mwen trouve sa eskandale. Yo pat anpeche yon medsen pou preskri yon tretman, sof si gen bann prèv nan yon sans nwizivite. Se premye fwa ke yo anpeche yon medsen pou preskri. Men pa nenpòt kèl medsen, bann jeneralis. Paske nan lopital la, tout moun te kouri pou Hydroxychloroquine nan. Genyen nou menm sèlman, jeneralis yo, ke yo te konplètman redwi an silans.


Dr. Éric Ménat: Se yon eskandal trè grav sou plan sante nou ak sistèm sante nou an. Dabò, yo te fè pi mal ke sa. Yo te menm konseye avèk malad yo pou yo pa ale wè medsen prive yo. Di ke yo gen bann moun ke se metye a. Pou pran an chaj malad yo chak jou, sa fè pou kèk 30 an ke yo medsen, e yon sèl kou, yo di avèk malad yo a: "Sitou pa ale wè medsen prive nou yo." E pi, yo eksplike nou ke yo te fè dizan nan bann etid men ke yo pa kapab detèmine si yon malad ka ou pa ka, pran Hydroxychloroquine. Sa fè 30 an ke yo fè’l, se tèlman envresanblab. E se kont sa ke’m plis lite a, se dekrè sa a, ki se yon sotiz total. 90% nan medsen yo avèk sa ke’m te ka pale yo de sijè sa a, gen menm avi avèk mwen paske se pou laplipa bann medsen jeneralis, donk yo santi yo reyèlman ekskli nan sistèm nan.


Pr. Christian Perronne: Nou te kapab kanpe kont avi medsen yo paske medsen jeneralis yo, yo te wè’l byen, nan kòmansman yo pat bay Hydroxychloroquine, yo te voye anpil moun nan reyanimasyon nan lopital, e kan yo te kòmanse pou preskri, yo pa voye pèsonn ankò menm lopital, Yo te wè’l! Yo pat respekte eksperyans sa a e se bann malad sa yo. Se yon atent trè grav nan egzèsis medsin nan.  


Pr. Didier Raoult: Ide ke leta sezi tèt li a nan tach ki se swen kouran, si nou vle nan plas medsen yo, e entèdi yo pou fè kèk nonm bagay ki banal, mwen pa dakò. E pou di’l dayè tout pou fè ofisyèlman, mwen sezi ke Lòd Medsen yo te aksepte yon bagay konsa. Mwen menm, si mwen te Prezidan Lòd Medsen yo, mwen t’ap demisyone imedyatman.


Naratè: Pou jistifye entèdiksyon preskripsyon Hydroxychloroquine nan, otorite yo reyalize pa medya yo avanse ke yo kapab danjere pou malad yo.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[TV C News: Pami tretman ki te mete an koz yo, Plaquénil la, medikaman sa a baz Hydroxychloroquine, ki, marye avèk yon antibyotik, ka ogmante risk aksidan kadyak.
TV LCI: Atansyon avèk Klorokin nan. Se ajans Medikaman an ki donk te lanse yon alèt lan nwit sa a.
TV LCI: Medikaman ki sisite anpil espwa jodi a petèt motèl. Li rete yon prodwi danjere si li mal itilize.]


Pr. Didier Raoult: Onètman, si yon jou ou mete tèt ou nan reflechi sou listwa Hydroxychloroquine nan, ki se kan menm yon istwa ki pi biza ke mwen te tande nan medsin nan vi’m, se yon medikaman ki egziste depi 80 zan, ki te preskri petèt a yon tyè popilasyon mond lan, ki nan Lafrans te vann 36 milyon grenn/an. E yon sèl kou, genyen tout otorite yo ki kòmanse pou di ke se yon trik epouvantab, kriminèl, ke nou tout pral mouri aritmi kadyak paske yo pran yon trik. Mwen pat janm konn tande pale de yon trik biza konsa. 


Naratè: Anvan kriz Kowonaviris la, Hydroxychloroquine lan ou Plaquénil nan te gen yon ekselan repitasyon. Molekil sa a figire nan bon plas sou lis bann medikaman esansyèl Òganizasyon Mondyal Sante yo. Men se tou, kòm li te Pr. Raoult, yon medikaman ke yo konnen depi lontan, donk se yon derive de Klorokin k’ap itilize depi ane 50 yo, pa bann santèn milyon moun nan mond lan an prevansyon palidism. Hydroxychloroquine nan te bay pandan bann deseni avèk moun ke yo te konnen ki te frajil, tankou fanm ansent yo, timoun yo, ou ankò granmoun yo. Medikaman sa a li tèlman sèten ke li t’ap vann lib jis rive janvye 2020, dat sa a Minis Sante a, Agnès Buzyn, te deside pou retire aksesiblite’l san yon ti kal eksplikasyon.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Genyen deja yon trik ki te kirye. Se nan mitan janvye, kan Agnès Buzyn te mande ke Hydroxychloroquine nan ki t’ap vann lib vin anba preskripsyon medikal. Sa se te yon ti kras kirye…


Naratè: Epi, an mas 2020, Hydroxychloroquine nan te vin yon medikaman trè danjere, jodi pou demen.


Pr. Christian Perronne: Alòske Hydroxychloroquine nan genyen bann piblikasyon ki montre ke sa ap mache, ke sa pa koute chè, Ajans Medikaman an pat sispann pou di ke se te toksik, ke sa te bay bann problèm kadyak, alòske problèm kadyak la te soti nan Covid la e se pa ditou nan Hydroxychloroquine nan. Kounye a se konnen.


Dr. Éric Ménat: Mwen panse ke istwa efè segondè sa a ou danjerozite Hydroxychloroquine nan se pi bèl plezantri medikal ak syantifik ke yo envante depi janvye 2020, depi nan kòmansman pandemi sa a. Mwen ap itilize Hydroxychloroquine depi 15-20 ans, e patikilyèman depi dizan nan maladi enfektye yo. Mwen pat janm genyen aksidan men se pa yon estatistik. Donk mwen te ale chache reyèlman sa ke yo te genyen kòm etid. E pami anpil bann etid ke mwen te kapab jwenn yo, mwen te wè yon travay HAS, Haute Autorité de Santé 2009, se pa si lontan, ki te reetidye sa pandan si mwa. 100 000 preskripsyon, 65% nan preskripsyon li yo te fèt pa bann medsen jeneralis. Sa ki prouve byen ke tout moun konn preskri’l trè lajman. E konklizyon an se: Medikaman toujou efikas konsa e toujou tou yon ti kras danjere. E yo te rebay, non sèlman AMM (autorisation de mise sur le marché), men tou otorizasyon pou vann san òdonans, donk vann lib, an 2009 avèk Hydroxychloroquine nan. Nou imajine byen ke yon tèl etid ki fèt pa Wo Sekirite Sante a, pa gen si lontan, donk avèk bann mwayen modèn, si te genyen yon ti danje nan Hydroxychloroquine nan, yo t’ap wè’l. Fòk ou konnen ke Hydroxychloroquine nan te preskri pou bann maladi tankou Lipis ak Polyatrit pandan bann ane. Se pa di jou. La, Kowonaviris la, se te yon tretman nan 10 jou. Vrèman, yo te moke nou. 


Naratè: Te genyen yon fòm konplo kont Klorokin nan, yon ansyen medikaman jenetik ki pa rapòte anyen a endistri famasetik la? Sa ki te pase avèk eskandal The Lancet la ban nou petèt repons lan. 22 me 2020, Hydroxychloroquine nan pral retrouve’l nan sib yon etid ki pibliye nan The Lancet, youn nan plis prestijye revi syantifik mond lan.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[TV5 Monde: Revi medikal britanik ki te pibliye yon vas etid. 15 000 malad te resevwa kat konbinezon diferan a baz de molekil, sèl, ou asosye avèk yon antibiyotik. E konklizyon yo trè klè.
Mandeep Mehra: Nou te poze yon kesyon: Genyen yon nenpòt avantaj pou itilize youn nan tretman sa yo kay malad yo ki ospitalize yo avèk yon Covid-19? Repons lan se yon Non. Yon Non ase konkliyan. Pa gen yon ons prèv ke sa se ka a.
TV C News: Konklizyon etid la, Klorokin nan ak Hydroxychloroquine nan pa ta dwe itilize deyò esè klinik yo.]


Naratè: Nan demen piblikasyon an, bann desizyon imedyat te pran nan pi wo nivo pou detwi Hydroxychloroquine nan e demoli etid an kous yo. OMS sispann tretman an sou Hydroxychloroquine lan nan vas esè klinik international Solidarity. Nan Lafrans, 16 esè klinik teste ke Hydroxychloroquine lan te sispann a demann Ajans Sekirite Medikaman yo. Minis Sante, Olivier Véran, te entèdi itilizasyon Hydroxychloroquine nan nan lopital, alòske itilizasyon’l te deja trè restren. Men tout mezi yo pran sa yo ale vit apiye yo sou yon etid frodile. 4 jwen, The Lancet fè mach an aryè e endike nan yon kominike retrè etid li a.


Ekstrè nan Jounal TV ak Ekstrè nan Atik Près:
[TV C News: Revi The Lancet fè volteface. Nan yon kominike ki pibliye jedi swa, twa nan kat otè yo yon resan etid sou Hydroxychloroquine nan remete an koz validite li.
Kominike The Lancet: Nou pa ka pote garan menm ankò verasite bann sous bann done primè yo.
TV C News: Prestijye revi syantifik britanik la te egalman prezante profon ekskiz li yo.]


Dr. Éric Ménat: Etid The Lancet a ki te fè eskandal nan yon moman done e ki te retire trè rapidman, nou te pètibe anpil. Alò, pou mwen menm, se pa yon sipriz, paske mwen te konn wè lòt etid deja nan lòt domèn, totalman fè ri. Yo pral di ke sa a te pi mal ke lòt yo paske li te tèlman pa gen kalite ke se te fasil pou wè tou swit. E dayè, nou te trè choke ke yon Minis Sante, Medsin, Espesyalis, ki abitye li bann etid tout jounen kan li te lopital, pran etid sa a pou lajan kontan imedyatman e pran yon desizyon politik e jiridik avèk yon dekrè eksklizivivman deklanntche pa etid sa a, ki te yon etid totalman bidon.


Naratè: Desizyon presipite Olivier Véran yo yo menm jan pi siprenan ke tout moun konnen nan kominote syantifik la etid yo kapab manipile pa endistri famasetik la. 


Pr. Christian Perronne: E redaktè an chèf Lancet a li menm te fè yon ekri satirik e vyolan an 2016, pou di: "Nan jounal mwen an sa pa byen ditou, se enfiltre pa endistri a. Yo pibliye bann atik ki konplètman fo."


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[BFM TV: Patron The Lancet a, Horton te di: Kounye a, yo pa pral ka pibliye menm ankò bann done rechèch klinik yo paske laboratwa famasetik yo, jodi a, tèlman fò finansyèman e rive genyen metodoloji sa yo pou fè nou aksepte bann papye, ki, aparamman metodolojikman bon nèt, men ki nan profondè, fè di sa ke yo vle a sa. Se trè grav.]


Naratè: Eskandal The Lancet a etonan. Men gen yon lòt gran eskandal, fwa sa a franko-franse ki sal etid yo sou Hydroxychloroquine nan. Depi fen mwa mas, Lafrans te lanse yon gran etid ki rele Discovery pou idantifye medikaman k’ap mache yo kont Covid la.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[Emmanuel Macron: Yo genyen protokòl Discovery a nan li yo kwè anpil, e ki trè enpòtan, ki se yon protokòl eropeyen. Avèk, nou konnen’l, plizyè branch, gen youn sou fame Hydroxychloroquine nan ak Azithromycine nan, genyen tou sou Remdesivir e plizyè lòt protokòl tretman. Yo pral genyen bann rezilta 14 me.]


Naratè: Finalman, apre bann mwa nan tann, bann rezilta pasyèl tonbe an septanm, e yo bay sezisman. Nan Discovery, group bann malad yo te resevwa Hydroxychloroquine te konnen 31% mò an mwens ke group ki pat resevwa medikaman. Etid la montre egalman yon rediksyon 17% se verite bann sentom, se trè ankourajan pou medikaman sa a. Tout fwa fòk yo presize ke rezilta sa yo pa sinyifikatif sou plan estatistik donk nonm malad yo pat ase elve. Sa vle di ke fòk yo te entegre plis malad pou konfime bon rezilta sa a. Men se pa sa ke reskonsab franse etid la yo te deside. O kontrè, nan mitan jwen, yo te deside kanpe’l, nan rann estatistikman kontestab bann rezilta poutan favorab a Hydroxychloroquine nan ki te teste kont Placebo. Etid Hycovid la te kanpe britalman, alòske Hydroxychloroquine nan te kòmanse ap montre yon diminisyon nan mòtalite a 46%. La ankò, rezilta a pat sinyifikatif estatistikman, paske malad yo pat sifizan. Men avèk yon siyal konsa pozitif, yon mòtalite divize pa de, te genyen tout rezon yo pou kontinye etid la pito pou kanpe’l nan wout. 


Pr. Didier Raoult: Mwen ta vle byen ke bann jounalis envestigasyon enteroje moun ki reskonsab esè sa yo, pou di yo: Men kòman fè nou kanpe yo? Ki sa ki rasyonèl syantifik arè yon tretman ki te mete an mach, ki ofisyèl, ke nou kanpe’l prematireman alòske nou gen yon pati nan sa ke nou te prevwa fè a e ke rezilta preliminè yo yo an favè Hydroxychloroquine nan. Sa se yon kesyon entèresan.


Naratè: Afè sa a troublan menm jan pa konparezon, yon lòt medikaman ki te benefisye yon tretman trè diferan. N’ap pale de Remdesivir. Yon medikaman a 2000 ero/dòz, ki fabrike pa laboratwa Gilead. An septanm 2020, Pr. Yazdanpanah, prensipal achitèk Discovery te odisyone nan Sena a.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[Pr. Yazdanpanah: Nan sa ki konsène Remdesivir a, nou pa genyen pou kounye okenn prèv sou efikasite tretman sa a. Te genyen kat esè klinik entènasyonal sou Remdesivir a pou nou. Pa gen okenn ki montre nou vrèman ke tretman sa a efikas donk yo konsidere ke fòk yo kontinye evalye tretman sa yo…]


Naratè: Malgre akimilasyon bann etid favorab, Pr. Yazdanpanah donk vle kontinye esè Discovery a sou Remdesivir a alòske li te deside pou kanpe esè a sou Hydroxychloroquine nan nan moman kote li ta sanble diminye mòtalite a a 31%. Alò pouki sa yon 2 pwa 2 mezi konsa? Medikaman sa a, Remdesivir lan, ta yon klè eksplikasyon eskandal ozalantou Hydroxychloroquine nan? Pis sa a klèman evoke pa Pr. Raoult, ki te odisyone nan Sena a an jwen 2020.


Pr. Didier Raoult: Mwen rekòmande nou pou fè yon veritab ankèt sou Gilead e Remdesivir. Si nou gade estrikti Gilead la, n’ap konprann ke se kèk bagay ki fonksyone avèk yon ti kras prodwi sèlman, yon ti kras pèsonèl ak yon enfliyans konsiderab.


Naratè: Sa ki te pase nan semèn ki te swiv odisyon sa a, pral definitivman bay Pr. Raoult rezon. An jiyè, nan sipriz jeneral, Remdesivir jwenn nan men Inyon Eropeyen e Lafrans, yon otorizasyon tanporè pou mete sou mache a. Se te plis pase etonan donk li pat egziste alòske okenn prèv efikasite’l e te genyen bann sinyo trè klè de toksisite’l sou ren yo ak sou fwa. 


Dr. Éric Ménat: Li bay bann ensifizans renal potansyèlman grav kay moun yo. Mwen raple nou ke moun ki vrèman malad yo souvan bann moun frajil, granmoun yo, yo gen yon ren deja fatige, e an plis maladi a, viris la, atake ren an piske nou konnen ke deyò poumon yo, li atake kè a ak ren an. Donk yo fas yon viris k’ap atake ren an kay moun yo ki deja gen yon ren frajil, yo ba yo yon medikaman ki bay bann ensifizans renal. Èske se rezonab?


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Remdesivir lan, deja se yon tretman chè, lou, ospitalye, boure efè endezirab.


Dr. Éric Ménat: Se yon medikaman chè, enjektab, rezève pou lopital. Se yon antiviral. Donk li ka mache sèlman nan premye faz maladi a. Kan nou ospitalize e ke nou kòmanse nan swen entansif ou o mwens anba oksijèn, e nou kòmanse bann ensifizans respiratwa, se fini, li pa mache menm ankò. Fòk yo bay li plis pi bonè, tankou Hydroxychloroquine nan. Sof ke yo pa genyen’l nan vil piske se yon medikaman ospitalye, pou bann malad fòk yo trete anvan ke yo rive lopital. An fas nou genyen Hydroxychloroquine nan. Hydroxychloroquine nan, yon konnen’l depi 30 an. Yo konnen tout efè segondè’l yo, yo pa gen okenn enkoni sou molekil sa a, e li koute 4 ero. Ou se Minis Sante, ou deside pou eseye kiyès? Sa ke ou pa konnen an ki vo ant 2000 ak 4000 ero? Ou sa ke ou konnen trè byen an e ki vo 4 ero a? Men sa ke mwen panse a Remdesivir a.


Me. Fabrice Di Vizio: Kan ANSM te akòde a Remdesivir otorizasyon pwovizwa pou mete sou mache a, donk yon ATU, e byen, de jou apre, Wo Konsèy Sante Piblik la, nan tèm bann deba sa yo, ki piblik yo, e yo gen transkripsyon yo, te di ke se te inefikas, chè, e okenn prèv efikasite klinik pat pote. Donk kòman ANSM te ka akòde otorizasyon avèk tès ki di: "Yon prezanmsyon gran efikasite", la kote ekspè yo, de jou apre, pral di ke se notwaman inefikas…


Pr. Christian Perronne: E nan yon tan rekò, nan de semèn, se te otorize nan Ajans Medikaman ameriken an, nan yon tan rekò nan Ajans Medikaman eropeyen an, nan yon tan rekò nan Ajans Medikaman franse a, yo te gen yon otorizasyon pou mete sou mache a. Men se yon gran eskandal!


Naratè: Gran eskandal sa a vin ankò pi revoltan nan otòm. 8 oktòb 2020, Komisyon Eropeyen an siyen acha 500 000 dòz Remdesivir avèk laboratwa Gilead. A plis pase 2000 ero tretman an, se yon kontra pi plis ke yon milya ero pou yon medikaman ki pat janm fè prèv efikasite’l. Pi grav ankò, kèk jou apre mega-kontra sa a, OMS pibliye bann rezilta nan gran esè Solidarity a. Konklizyon yo klè e definitif: Remdesivir a pa sove menm yon ti vi e pa aksele gerizon malad yo. Konklizyon definif sa yo pa anpeche Inyon Eropeyen pou siyen yon kontra a yon milya ero pou medikaman sa a. E nan foule kontra sa a, Remdesivir a te distribye lajman nan lopital fransè yo.


Pr. Didier Raoult: Jis aprè ke tout moun te mete yo dakò sou lefèt ke Remdesivir a pa sèvi a anyen, yo resevwa nan men Minis Sante a, nan men Direktè Jeneral Sante a, yon lèt ki di nou: "Kounye a, nou ka itilize Remdesivir a kan nou vle. Se gratis, yo genyen’l toutotan ke nou vle. Donk nou ka mete bann pèfizyon pandan di jou avèk yon prodwi ki pa sèvi a anyen e ke yo te achte. Men, nou pa gen dwa pou itilize Hydroxychloroquine nan ki se yon medikaman ke de milya moun te pran nan vi yo e ki pat bay efè segondè, a pa esansyèlman problèm okilè kan yo pran sa pandan plis pase yon ane" Donk si nou vle, genyen kan menm la yon problèm nan fon.


Naratè: Se patikilyèman chokan paske nan menm moman an Ajans Medikan an te refize ankò pou otorize Hydroxychloroquine nan Lafrans.


Me. Fabrice Di Vizio: Ajans Medikaman an refize a Pr. Raoult yon rekòmandasyon tanporè pou itilizasyon Klorokin nan pandan yo di: "Koute yo pa kapab Profesè, paske ou konprann premyèman sa pa mache, dezyèmman, se danjere, se menm trè danjere Klorokin nan." Sof ke, menm Ajans Medikaman sa a, te gen de mwa anvan, nan mwa jiyè, te akòde yon otorizasyon fwa sa a menm tanporè pou itilizasyon Remdesivir a ki li menm, te notwaman inefikas, e mwen pral vin sou li, e efektivman, espesyalman danjere. Kisa sa kache? Tout eskandal sante piblik yo kòmanse konsa. 


Naratè: Refi otorize Hydroxychloroquine sa a li chokan menm jan avèk fen mwa oktòb, prèv syantifik yo yo dezòmè masivman favorab a tretman sa a. Sou 136 etid ki reyalize sou medikaman sa a, ¾ konkli nan efikasite’l kont Covid-19 la. E Hydroxychloroquine nan te bay sifizamman bonè, tankou kan Pr. Raoult rekòmande’l la, li montre yon efikasite nan 100% bann etid pibliye. Se pou sa ke trè anpil peyi itilize ak rekòmande medikaman sa a nan tout mond lan nèt. Nan otòm 2020, twa nan pi gran nasyon medsin yo rekòmande ofisyèlman Hydroxychloroquine nan: Lachin ki te enkli Klorokin nan nan lis ofisyèl bann medikaman li yo kont Covid la; Larisi ki rekòmande Hydroxychloroquine nan nan tretman prekòs; e End ki rekòmande’l tou a lafwa an prevansyon, e nan tretman Covid-19 la. 


Pr. Christian Perronne: Si yo gade peyi kote mòtalite a te pi fò yo, se peyi ki pi rich yo e swadizan ki pi avanse sou plan ekonomik, ke se swa Lafrans, Gran-Bretay, Bèljik. E yo te apèsi yo ke se bann peyi ki plis anba enfliyans endistri famasetik la. E sa, se dramatik, alòske peyi swadizan ki pi pòv yo ki pat gen tròp mwayen yo, yo te ekstrèmman byen soti nan pandemi an avèk bann medikaman ki pa chè tankou Hydroxychloroquine nan.


Naratè: Fas a tout prèv sa yo, refi Ajans Medikaman an pou otorize Hydroxychloroquine an difisilman konpreyansib.


Me. Fabrice Di Vizio: Kèl ensidans bò kote ANSM pou vin di ke Klorokin nan pat gen prezanmsyon senp efikasite. Nou nan yon mansonj Leta, Paske Pari te dwe ouvri yon enfòmasyon jidisyè pou konnen poukisa finalman, depi nan depa, Klorokin nan nan pwen sa a kritike, e poukisa Remdesivir a ke efikasite a te rekonèt tankou anyen, ... te otorize. Ki sa sa kache? Nou sezi Paske nou panse, nou krenn ke efektivman nou nan kè yon eskandal. 


Naratè: An reyalite, pou enpoze Remdesivir a, Gilead te soti an koulis asenal lou’l la. E sa a, depi nan kòmansman epidemi an. Pandan odisyon’l lan nan Sena a an jwen 2020, Pr. Raoult te denonse deja bann metòd pre otodòks.


Pr. Didier Raoult: Mwen raple nou’l, kan mwen te kòmanse pou pale pou premye fwa de Klorokin nan, genyen yon moun ki te menase’m a plizyè repriz, nan fason anonim. Mwen te pote plent e mwen te fin pa jwenn ke se te sila ki te resevwa pi gwo lajan an nan men Gilead depi si zan. Donk si nou vle, mwen gen yon eksperyans pèsonèl, nan fonksyònman, ki pa parèt nòmal pou mwen. Petèt ke se yon konyensidans, men se pa sèten paske li te di’m ke li te entèdi’m pou pale de Klorokin nan. Mwen gen may yo, mwen te pote plent ofisyèlman nan lapolis, yo konnen kiyès.


Naratè: Sa ke profesè a revele a, se pa yon ka izole donk laplipa nan ekspè enfeksyoloji franse yo gen bann lyen enterè avèk laboratwa Gilead la. Jounal Syans ak avni te kalkile egzat: 85% nan espesyalis franse yo ke malad enfektye yo pi rekonèt yo te touche lajan nan men Gilead Sciences. Nan total, Gilead te vèse 18,5 milyon ero bay profesyonèl sante yo nan Lafrans depi 2013. An koulis, anje finansye yo yo anpil, evolisyon kous nan bous Gilead la te dirèkteman lye a kesyon efikasite ou non Hydroxychloroquine nan, e donk an pati nan deklarasyon Pr. Raoult yo.


Dr. Éric Chabrière: Gilead se yon sosyete ki koute prèske 100 milya dola. Nou ka remake sou grafik sa a ki se kous nan bous, ke aksyon’l lan monte nan fason ase espektakilè avèk kòmansman pandemi an. Sa te bay yon ogmantasyon valorizasyon antrepriz sa a anviwon 30 milya dola e yo ka wè ke ogmantasyon sa a trè bay fwi. Donk li tout afè nòmal, afektivman, ke a chak nouvo enfòmasyon, tankou kòmansman tès yo, bann esè klinik ki montre Remdesivir a se protektè, ke aksyon sa a monte. Men sa ki ase etonan, se ke yo wè ke bès kous nan bous yo sanble eksplike pa promosyon IHU a, Hydroxychloroquine lan, donk yon tretman konkiran a Remdesivir a. E nou kapab wè ke ajitasyon sa yo kan menm enpòtan e reprezante an kèk jou, anviwon bann ajitasyon 10 milya dola.


Naratè: Nan rega bann milya ki ap jwe nan ekonomi bousyè a, laboratwa Gilead konte sou anpil bann ekspè sa yo avèk yo li pran bann lyen enterè.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[TV5monde: Hydroxychloroquine nan ke Pr. Raoult ap defann nan, nou pa, nou rete sou pozisyon nou yo?
Karine Lacombe: Mwen panse ke kounye a kesyon an regle.]


Naratè: Se ka an patikilye Pr. Karine Lacombe ki te pozisyone’l sou tout plato televizyon kont Hydroxychloroquine nan. Karine Lacombe te resevwa 200 000 ero nan laboratwa famasetik yo, ke 28 mil nan laboratwa Gilead la. Depi nan kòmansman, anvan menm rezilta Discovery yo, li te anonse inefikasite Hydroxychloroquine nan.


Ekstrè nan Jounal TV:
[Karine Lacombe: Gras a Didier Raoult, e yo pral remèsye’l pou sa, yo te mete an plas yon jan pi rapidman ke yo te prevwa a, esè fòk li te a, e yo pral montre ke Klorokin nan pa mache, an revanch ke lòt ap mache, …]


Dr. Éric Chabrière: Tout ekspè sa yo ke yo kapab wè kontinyelman sou chèn enfòmasyon yo pat janm konn deklare lyen enterè pa yo, ni konfli pa yo. Nòmalman, yo ta dwe retire tèt yo, men si menm medya yo pat fè travay sa a pou eksplike avèk telespektatè yo finalman ki sa ki te lyen bann moun ki te pretann yo se ekspè.


Dr. Éric Ménat: Men yo ka gen yon ekspè jodi a ki pap travay pou yon laboratwa, piske laboratwa yo fè sistematikman ekspè yo plis konnen yo travay? Yo te kritike anpil ekspè yo ki te resevwa lajan laboratwa yo, Gilead an patikilye. Èske vrèman sa te enfliyanse yo? Mwen pa konnen. Mwen pap pèmèt mwen pou fè prosè entansyon, men fòk gen yon kont pouvwa. Men jodi a, yo te wè avèk kriz Kowonaviris sa a ke kont pouvwa a pat egziste. Yo te wè ke tout moun te ale nan sans pi rich. Tout moun te ale nan sans medikaman ki pral rapòte plis la e se sa ki jenan. Yo di alò: A kiyès yo dwe fè konfyans?


Naratè: Enfliyans Gilead la egzèse’l tou nan pi wo nivo. Menm desidè nou yo te tronpe. Kòm yon gran enfeksyològ te konfye’l nan jounal Marianne: "Gilead te atenn yon pouvwa konsa ke li ka konte sou kèk gran profesè pou fè ofis lobbyistes officieux (…) sa ki fè ke Remdesivir te retrouve’l an wo fich la san okenn prèv efikasite’l."


Ekstrè nan yon jounal TV:
[Jounalis Sonia Mabrouk: Mesye Minis Sante, Gouvènman an dwe fransè yo laverite evidamman sou jesyon kriz la. Èske nou ekskli tout soupson konklizyon ant enterè laboratwa Gilead yo ak bann manm konsèy syantifik yo?
Olivier Véran: Mwen menm mwen pa renmen akizasyon ad nominam yo. Mwen konsidere ke manm Konsèy Syantifik yo te fè yon aksyon gratis depi plizyè mwa kounye a nan peyi nou an…
Jounalis Sonia Mabrouk: Nou sèten de sa?
Olivier Véran: … yo te enpòtan…
Journaliste Sonia Mabrouk: Ke pa genyen bann soupson konfli enterè?
Olivier Véran: Mwen menm mwen sèten ke yo pat peye pa Gouvènman an ou pa nenpòt moun nan pou reyalize aksyon syantifik yo a.
Jounalis Sonia Mabrouk: Se pa kesyon an. Èske yo gen bann lyen finansye avèk bann laboratwa?
Olivier Véran: Si nou site laboratwa Gilead pa egzanp. Lòske mwen te depite, nou kapab wè ke lòske te gen yon tretman kont Epatit C a ki t’ap plonje, …
Jounalis Sonia Mabrouk: Men se pa kesyon’m nan sa!
Olivier Véran: … Mwen te kontakte mwen menm laboratwa yo pou di ke pri a te trò wo.
Jounalis Sonia Mabrouk: Mwen tande byen. Kesyon’m nan, m’ap repete’l pou ou, li konsène manm Konsèy Syantifik yo ki te kan menm jere kriz sanitè sa a. Èske’w ka di nou maten sa a ke ou sèten, ke pa gen okenn lyen avèk moun sa yo e laboratwa Gilead yo?
Olivier Véran: Mwen ka di’w Sonia Mabrouk ke pat genyen okenn entansyon kache ou dirèk nan okenn manm Konsèy Syantifik yo pou pouse nou pou preskri kèk tretman li ta ye a.
Jounalis Sonia Mabrouk: Menm Remdesivir?
Olivier Véran: Menm Remdesivir. Mwen pat genyen okenn rekòmandasyon Konsèy Syantifik la sou Remdesivir.]


Naratè: Jounalis Sonia Mabrouk te gen rezon pou’l te ensistan. Laplipa nan ekspè yo ki te konseye Prezidan Repiblik la, te genyen bann lyen enterè avèk Gilead. Se ka an patikilye Pr. Yazdanpanah, pap etid Discovery a. Chèchè sa a te syeje o mwen 10 fwa nan ban Gilead lan ant 2013 e 2015. Devan depite yo, Pr. Raoult pat kache sipriz li a, pandan’l te dekouvri entimite reskonsab etid Discovery yo avèk direktè Gilead lan.


Pr. Didier Raoult: Mwen te sezi pou wè ke direktè Gilead lan devan Prezidan Repiblik la e devan Minis la, te titwaye sila ki te an chaj bann esè terapetik yo nan Lafrans pou Covid-19 la. Men mwen pat gen abitid pou fè titwaye’m pa direktè endistri famasetik yo. Si yo te fè’l, alò m’ap reponn pandan’m voudwaye’l. Mwen pap fè’l.


Naratè: Bruno Hoen, lòt gran ekspè Discovery a te manm group travay fransè ki te eksprime’l 5 mas 2020 an favè Remdesivir. Bruno Hoen te resevwa pa mwens ke 52 000 ero nan men Gilead nan avantaj, reminerasyon, e kontra ekspètiz. Menm Prezidan Konsèy Syantifik la Jean-François Delfraissy te patisipe yon fwa nan Konsèy Gilead lan an 2013. Pi enkyetan ankò, Christian Chidiac, Prezidan Komisyon ki te konseye Prezidan Repiblik la sou tretman yo kont Kowonaviris la, te syeje plizyè fwa nan ban Gilead. Selon Pr. Raoult, se nonm sa ki te antre an aksyon pou ke Premye Minis la anpeche medsen yo preskri libman Hydroxychloroquine nan avèk malad Covid-19 yo.


Pr. Christian Perronne: Sa ki kòmanse vole nan je popilasyon an, se ke a propo Hydroxychloroquine nan, yo kòmanse devwale nan gran jou tout magouy endistri famasetik yo pou fè promosyon bann medikaman trè chè, e pou ka okipe mache yo.


Naratè: An fèt, pandan ke Hydroxychloroquine nan te dyabolize a, bann lòt molekil efikas te vrèman e senpleman inyore. Se ka de ansyen medikaman yo ki pa garanti menm ankò, tankou Colchicine, Ivermectine e Fluvoxamine. Tou lè twa te fè prèv efikasite yo kont Covid-19 la nan bann etid ki kontrole kont Placebo, e poutan otorite yo ak medya yo rete an silans. Kòm si pat gen plas nan sistèm medikal nou an pou molekil yo ki pa rapòte anyen menm ankò a laboratwa yo.


Pr. Didier Raoult: Si nou di kounye, alòske yo depanse bann santèn ak bann santèn milyon pou jwenn nouvo molekil, ke "Nou konnen, li sifi pou resikle molekil ansyen yo ki jenerik e ki pa koute anyen", nou siye yon branch nèt nan syans lan ki te devlope tèt li depi 20 an, e donk nou genyen pi gran difikilte pou jwenn bann moun ki gade sa avèk yon je favorab. Tout sa, frape a lafwa yon modèl ekonomik, pa sèlman enterè yo, kòman yo devlope yon molekil ki pa rantab menm ankò, se pa fè’l nan mond nou an. 


3- Vitamin D: Esansyèl pou òganis nou


Naratè: Pami viktim modèl ekonomik sa yo, pa genyen sèlman ansyen medikaman jenerik yo. Genyen tou e sitou molekil natirèl yo tankou vitamin yo, minero yo, ou plant medisinal yo ke efikasite a ka poutan ekstraòdinè san yon ti kal efè segondè. Se ka an patikilye Vitamin D a, konsidere pa anpil syantifik tankou vitamin deseni. Pa koute chè, fasil po pran, e san efè segondè, de Vitamin D a nan kè plis pase yon karantèn etid syantifik, konkli avèk bann rezilta si espektakilè pou lite kont Covid la ke yo ta kapab pa kwè’l. Kòm nou pral dekouvri’l, Vitamin D a, an prevansyon, ta pèmèt pou redwi an mwatye nonm enfeksyon Kowonaviris yo. Men se pa tout. Vitamin D a an tretman, ta kapab sove lavi bann milye malad ospitalize.


Profesè medsin, fizyoloji, byofizik ak medsin nikleyè, Profesè Michael Holick se youn nan bann pi gran ekspè Vitamin D nan mond yo. Li nan orijin plizyè etid poutan sou aksyon Vitamin D a kont Kowonaviris la. Profesè Holick te resevwa nou pou pataje avèk nou rezilta ki te sezi bann rechèch yo, ak dekouvèt resan yo ozalantou Vitamin D a.


Pr. Michael Holick: Konesans nou a propo Vitamin D a te boulvèse dis dènye ane sa yo. Si ròl li krisyal pou sante zo yo ak metabolis an kalsyòm, li la tou pou anpil lòt fonksyon byolojik, notamman, rediksyon bann risk maladi yo tankou kansè komen yo, maladi oto-imin grav yo tankou eskleroz an plak, atrit rimatoyid, dyabèt tip I, men tou maladi enfektye yo pandemi Covid-19 la ladann tou selon nou menm, men tou risk maladi kadyovaskilè yo, bann maladi Alzheimer, nan presyon e lis la ankò long.


Anpil bann etid te dekri kòman Vitamin D a aji sou sistèm iminitè a. Nou te kapab obsève ke yon senp pran Vitamin D pèmèt pou aji sou 291 jèn ki regle fonksyon iminitè a, mòtalite selilè a ak tout yon seri prosesis byolojik. Youn nan etid nou yo te bay bann rezilta enkwayab: Bay a yon moun 600 inite Vitamin D pa jou te pèmèt pou mete an règ 150 a 200 jèn sistèm iminitè. Men avèk 400 inite pa jou, chif sa a te pase a anviwon 300 a 400 jèn e a plis pase 1000 avèk di mil inite pa jou. Se ròl majè sa a pou sante e byenèt la an jeneral, ki eksplike enterè ke li sisite a nan mond lan an nantye. 


Naratè: Nan kòmansman ane 2020 an, lòske epidemi an t’ap ouvè’l nan mond lan, Pr. Holick te konvenki ke Vitamin D a ta kapab genyen yon enpak kont Kowonaviris la.


Pr. Michael Holick: Lòske tout te kòmanse an fevriye dènye, mwen te an Ajantin pou yon pati pèch, e mwen te pran dènye vòl la pou antre. Mwen ekri trè bonè a lopital mwen an, e ak lòt moun konsène, pandan’m te eksplike yo ke pandemi sa a te ka sètènman konbat nan ogmante rapò yo an Vitamin D nan popilasyon an. Anpil bann etid, ke done ankèt nasyonal sante ameriken yo, te montre ke yon amelyorasyon to Vitamin D a te redwi risk enfeksyon rout ekspiratwa siperyè yo ke grip la, ak plizyè viris rim, tankou Adenoviris, ak Kowonaviris yo.


Nou konn ròl trè enpòtan Vitamin D a pou bon fonksyònman sistèm iminitè a ki se regilasyon aktivite sitokin yo. Sepandan, youn nan prensipal konplikasyon Covid-19 yo, se jisteman sa ke yo rele loraj sitokinik la nan orijin anpil konplikasyon ak bann desè ki lye avèk enfeksyon sa a. Donk li pa siprenan ke yon amelyorasyon to an Vitamin D a ka kontribye pou konbat maladi viral sa a.


Naratè: Pr. Holick pa sèl pou konprann imedyatman enterè eksepsyonèl Vitamin D a pou lite kont Covid la.


Dr. Éric Ménat: Vitamin D a absoliman esansyèl, sa redwi, sa te prouve, enfeksyon ivènal yo. Nou pral gen bann grip ki pa tro frekan, ki pa tro fò. Nou pral gen mwens rim. Nou pral genyen menm mwens kansè! Gen yon trè bèl etid kanadyen ki te montre ke se te de fwa mwens kansè kay fanm yo ki te gen yon to Vitamin D sifizan, pa rapò sa yo ki gen yon karans an Vitamin D. La tou, poukisa yo pat di a fransè yo: "Ale kay medsen prive nou, pran dòz Vitamin D nou!"


Dr. Claude Lagarde: Se yon konpleman alimantè de baz. Si te gen youn nan yo, se t’ap sa a menm.


Jean-Jacques Erbstein: Se yon vitamin ki te fabrike, metabolize pa solèy la. Donk solèy la enpòtan. E pou ke vitamin sa a ka genyen bann efè pozitif sou kò nou, fòk nou rete chak jou yon ka dè, prèske toutouni, nan plen solèy. 


Pr. Vincenzo Castronovo: Kan yo pa gen ase Vitamin D, sistèm iminitè pral reyaji a eksè, e yo konnen ke eksè sa a pral koze bann dega byen pi enpòtan nan ka Covid-19 la, ke sa ki ta ka enflije viris la. E yon poumon ki trò atake e ki se objè yon sèk batay trò enpòtan, pap fonksyonèl menm ankò, e se konsa ke malad la pral mouri toufe.


Dr. Dominique Baudoux: Problèm Covid la, se yon problèm enflamasyon. E lòske yo gade kapasite anti-enflamatwa Vitamin D yo, yo ta dwe sistematikman rejwenn li sou tout tab nou yo nan ti-dejene a.


Dr. Éric Ménat: E menm, ann sipoze ke sa pa mache kont Kowonaviris la, yo pral amelyore sante fransè yo, yo pral amelyore zo yo, yo pral amelyore iminitè yo, yo pral redwi risk kansè a. Donk poukisa yo pat pwopoze’l, o lye pou di a moun yo "Rantre lakay nou, fèmen fenèt yo, fèmen panno yo e priye pou nou pa malad"?


Naratè: Nan Lafrans, 22 me 2020, Akademi Medsin nan te pibliye yon kominike donk akademisyen yo afime ke Vitamin D a ta dwe bay avèk malad Covid yo pou etenn tanpèt anflamatwa a ak konsekans li yo. Yon enfòmasyon nan pi wo enpòtans, ke okenn medya ni okenn otorite sanitè pa pral poutan releye. Profesè Holick deside alò pou mete plizyè etid grandè nati pou evalye konkrètman aksyon Vitamin D a sou Kowonaviris la, nan diferan etap maladi.


Pr. Michael Holick: Nou te mennen yon etid nan Etazini sou 191 000 malad ki te atenn Covid-19 la. E nou te montre ke yon karans an Vitamin D ogmante 54% risk pou trape maladi sa a, e se, kèlke swa orijin etnik ou, laj ou rejyon kote w’ap viv la nan Etazini an.


Naratè: Rezilta ki trouve yo pa Pr. Holick yo eksepsyonèl. Yo te pibliye 17 septanm 2020 nan jounal medikal Plos One. Men se pa tout. Non sèlman Vitamin D a te redwi nan mwatye enfeksyon yo, men an plis, li te redwi dramatikman gravite maladi a.


Pr. Michael Holick: Paralèlman, nou te mennen yon lòt etid, pou detèmine si malad ospitalize yo pou bann enfeksyon sevè, te prezante ou non bann risk ki ogmante nan konplikasyon ak desè an ka karans an Vitamin D. E nou te dekouvri ke depase 40 tan, moun yo ki te gen yon karans an Vitamin D te prezante yon risk letal a 50% depase, e ke yo te devlope pi plis konplikasyon toujou ki lye a maladi a.


Naratè: Pr. Holick pale byen de yon bès nan mwatye nonm mò yo avèk bon to Vitamin D, sa ki se yon rezilta eksepsyonèl. Sa petèt parèt difisil pou kwè, men chif sa yo te konfime pa plis pase 40 etid entènasyonal.


Pr. Michael Holick: Si yo gade moun yo ki te pran ou non yon siplemantasyon an Vitamin D e ki te kontamine, e ke yo analize enpak Vitamin D a sou rediksyon bann risk konplikasyon ou desè yo, e done syantifik ki pibliye yo, yo fè soti ke Vitamin sa a ta ka diminye 40 a 50% fòm sevè enfeksyon an e risk letal la. Mwen panse ke yo pale potansyèlman de santèn ou de milye moun ki ta kapab evite ospitalizasyon, efektye bann sejou ki mwen long nan lopital, e sitou evite konplikasyon final la, ki se lanmò. Donk n’ap konkli’l ke se yon bon boukliye pisan kont risk pou trape maladi enfektye grav sa a.


Naratè: Yon etid randomize espanyòl konfime konklizyon Pr. Holick la. Bann chèchè te separe an de group 76 malad. De tyè te resevwa bann dòz enpòtan nan yon analòg Vitamin D3, yon tyè te resevwa yon senp Placebo. Nan group Placebo a, mwatye nan malad yo te pati nan reyaminasyon; 2% sèlman nan group Vitamin D a. Pi byen, tandiske 8% nan group Placebo a te mouri, yo pa deplore okenn mò kay malad Vitamin D yo, 80% an Frans. Pami pi touche yo: Granmoun yo.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[Plizyè etid nan Lafrans ak nan mond lan prouve ke Vitamin D a redwi risk enfeksyon ak desè yo. Se sa ki te obsève nan yon EHPAD, ki te frape pa yon viris pandan premye vag la. Vitamin D a proteje malad yo.]


Pr. Cédric Annweiler: Yo te obsève an fèt ke rezidan yo ki te siplemante yo nan Vitamin D resamman yo, nan 30 dènye jou yo anvan enfeksyon an, te gen yon sivi ki te 90% siperyè avèk rezidan ki te resevwa siplemantasyon Vitamin D pi ansyen yo.


Pr. Michael Holick: Mwen panse ke kay retrèt yo ta dwe pran konsyans de sa e administre sistematikman Vitamin D avèk rezidan yo a. Nou konnen ke yo sisseptib pou yo riske nan karans an Vitamin D e ke yo kouri yon risk trè elve pou trape enfeksyon sa a e pou yo mouri nan li. Nan Etazini, mwen te rekòmande pou administre imedyatman 50 000 inite Vitamin D.


Naratè: Mesaj Pr. Holick pat toujou pretann. Sèl Angletè te finalman deside, nan otòm 2020, pou distribye gratwitman yon siplemantasyon an Vitamin D a de milyon moun vilnerab, nan espwa pou redwi risk pou devlope yon fòm grav Covid-19 la. An frans, tankou nan lòt peyi yo, silans otorite yo fatigan.


Pr. Michael Holick: Kan yo di ke Vitamin D a ka ede pou konbat maladi sa a, sa soulve bann kesyon. Medsen yo konnen lyen ant Vitamin D a, rechitis la ak sante zo yo, wè menm petèt osteroporoz la ka fanm. Men yo soti raman bann tè batu. Yo pa menm konnen ke li pa egziste yon literati enpresyonan ki demontre ke reseptè Vitamin D yo yo prezan nan sistèm iminitè a, e ke yo pa la pou anyen. Men sijè a pa mobilize prèske. Li pa tro eksplwate pa fabrikan medikaman yo, pa profesyonèl sante yo ou pa reskonsab Sante Piblik yo, ki sanse pou yo okipe yo de byenèt popilasyon an. Mwen espere donk vrèman ke etid nou yo ak sa yo ke yo kòmanse ap pibliye, pral fini pa atire atansyon.


4- Zen an: Oligo-eleman endispansab pou iminite a


Naratè: Vitamin D a pa sèl remèd etranjman bliye fas a Covid-19 la. Pou defann li efikasman kont maladi sa a, kò nou egalman bezwen oligo-eleman yo. Pami pi enpòtan yo, yo jwenn Zen an. Endispansab pou yon bon fonksyònman sistèm iminitè a, Zen an te demontre yon aksyon enkontestab pou bloke prosesis viral Kowonaviris la.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Se yon oligo-eleman ki fondamantal. Li entèveni kan menm nan 200 reyaksyon chimik nan kò a, nan bay omôn yo boustè, nan bay anzim yo boustè, Zen an se yon trik trè enpòtan.


Pr. Vincenzo Castronovo: Zen an se yon metal endispansab pou ke selil yo divize yo nòmalman. Donk si pa gen, selil yo pa ka divize, nou pa konn renouvle selil yo. Donk Zen an endispansab pou sikatrizasyon an, li endispansab pou rejenerasyon entesten an, li endispansab pou repons iminitè a. Zen an te konsidere tankou nitriman ki pi esansyèl nan sistèm iminitè a. E karans li nan mond lan reskonsab plizyè santèn milye mò.


Dr. Éric Ménat: An plis, yo gen bann etid ki montre ke Zen an mache sou Kowonaviris la. Si nou bay yon santèn kantite Zen an egi, nou gen yon meyè defans kont viris la. Men evidamman, nou pa pral tann pou’w enfekte pou pran Zen an. Men nan bann dizèn etid sou enterè Zen an tankou estimilan iminite pou redwi risk enfeksyon viral la. Alò non sèlman sa redwi sitou gravite enfeksyon yo. Poukisa yo pat di fransè yo: "Pran Zen, ale wè medsen prive nou e wè avèk li si nou bezwen Zen." Yo ka menm doze Zen an nan san an. Se domaj ke yo pat fè sa. Men sa pa rapòte anyen a pèsonn.


Naratè: Zen an ka donk anvizaje kòm tretman posib kont Kowonaviris la? Famasyen Claude Lagarde te youn nan premye nan Lafrans ki te wè an premye ki te konvenki de sa. Nan mas 2020, Lè sa a ke Lafrans te wè semèn premye konfinman’l lan, Dr. Claude Lagarde adrese yon piblikasyon ki reyalize pa laboratwa a avèk yon rezo plizyè milye medsen pou sansiblize yo sou pètinans oligo-eleman sa a nan tretman Covid-19 la.


Dr. Claude Lagarde: Nou te premye ki pale de Zen an. Apre, tout moun vin pale de li. Men mwen pat envante Zen an, li te konnen Zen an. Depi 50 an yo konnen ke li aktif sou maladi viral yo.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Bann ansyen medsen te pale avèk nou pandan yo te "Men tout fason tout moun konnen’l, anvan yo te preskri timoun yo bann oligo-eleman, Zen ak Kwiv kan te genyen bann enfeksyon viral."


Dr. Claude Lagarde: Yo te tou swit wè moun yo ki t’ap tonbe yo, ki te malad yo, te bann potansyèl ensifizans an Zen. Donk Zen sa a aji a plizyè nivo nan enfeksyon sa a. E nan enfeksyon viral yo an jeneral. Li kapab bloke replikasyon viral yo, sa se trè enpòtan. Se te pibliye depi 50 an. Pyès pat pale de li ofisyèlman. Answit, se te nan iminite a. Li te enterè majè tou, se ke li pral probableman jwe yon wòl nan penetrasyon viris la nan selil la. Li ka bloke, a nivo sa a deja, penetrasyon viris la. Depi ke viris la te antre nan òganis la, li pral kreye bann ti blesi nan poumon an. Li rantre pa wout respiratwa yo nan poumon an, li pral kreye bann ti tras, bann blesi, e si nou gen sifizamman Zen nan selil proksimite nou yo, yo pral sikatrize, yo pral bloke prosesis la an plis, piske yo bloke replikasyon viral la, e sa se fini. 


Pr. Vincenzo Castronovo: Yo te demontre ke Zen an entèraji avèk divizyon viris la. Donk pou mwen, Zen an te dwe fè pati majè estrateji prevansyon tretman Covid la. Nan plizyè chema terapetik ki te entegre Azithromycine nan ak Hydroxychloroquine nan, yo te remete Zen an, ki se an fèt eleman kle a.


Pr. Didier Raoult: Yo konnen ke kèk bagay ki te souzestime, tankou Zen an pa egzanp, jwe yon wòl sevè. Bann moun ki gen yon patoloji sevè gen bann to Zen ki vrèman plis ke lòt yo, bò kote lòt done yo ki te ekri yo nan literati a. 


Pr. Vincenzo Castronovo: Mwen raple’m yon medsen new-yorkais ki te gen 250 malad, ke li te ba yo Hydroxychloroquine nan ak Zen an, pat gen okenn mò. Entèresan pou konnen ke Hydroxychloroquine nan te rantre Zen an nan selil la, e yon fwa ke Zen an rantre nan selil la, e ke yo gen bann elve, viris la pa konnen pou’l divize menm ankò, e donk li mouri. 


Naratè: A travè mond lan, lòt obsèvasyon konfime ke Zen an ta kapab yon eleman kle protokòl a baz Hydroxychloroquine yo.


Pr. Christian Perronne: Gran etid ki te pibliye pa medsen New-York yo, te montre ke an plis Protokòl Raoult la a Hydroxychloroquine nan ak Azithromycine nan, yo te reajoute Zen an. Alò, yo te gen bann ekselan rezilta.


Naratè: Menm konsta pou Dr. Cardillo, nan Los Angeles, ki te entèveni sou chèn ameriken ABC pou konfime ke tretman a baz Hydroxychloroquine nan fonksyone nan fason optimal sèlman avèk Zen.  


Ekstrè nan yon jounal TV:
[Dr. Anthony Cardillo: Analiz tretman avèk Hydroxychloroquine nan, se ke li fonksyone sèlman ke lòske li asosye avèk Zen. Hydroxychloroquine nan ouvri wout pou Zen an ki penetre nan selil la epi bloke replikasyon viris la. 
Prezantatè: Nou preskri Zen an, e li efikas pou malad Covid-19 yo.
Dr. Anthony Cardillo: Chak malad ke mwen te preskri’l, te nan baz trè malad e nan bout 8 a 12h, pat gen okenn sentom menm ankò.]


Pr. Vincenzo Castronovo: Resamman, yon etid, e sa te rapòte avèk yon Kongrè, te montre ke malad yo ki te gen yon to Zen ba e ki te ospitalize, te gen 2,5 fwa pi plis risk pou mouri ke sila yo ki te gen yon to Zen nòmal. Yo pa pale de sa. Nou te tande pale de Zen an? Non.


Naratè: An prevansyon, efikasite Zen an te tou manifeste, notamman pou moun ki pi frajil yo e sa nan endiferans jeneral otorite sanitè yo ki sanble inyore byen fè oligo-eleman fondamantal sa a.


Dr. Claude Lagarde: Yo konnen tou, pa bann etid epidemyolojik, ke nan  EHPAD yo, nan kay retrèt yo, granmoun yo gen karans an Zen, paske yo pa manje petèt tro byen, ke yo asimile mwens byen nan nivo entestinal. Se anpil. Donk yo menm, yo ta kapab bay Zen sistematikman e yo kapab pa tro bezwen medikal ak medikamante pou trete tout granmoun sa yo ke bann medsen ap swiv regilyèman. Se trè fasil pou bay Zen an menm prèske gratis nan kay retrèt yo. Yo pa pale de sa. Mwen pa konn poukisa, yo prefere vann bann medikaman chimik trè chè. Paske petèt ke syantifik jodi yo se bann jèn jenerasyon e pat konnen, genyen 30 an, piblikasyon sou Zen yo. Tout te pibliye, tout egziste! Se enkwayab ke komite syantifik yo pa konnen Zen an.


Dr. Éric Ménat: Gran espesyalis ospitalye yo, e donk an pati ekspè yo ki te jere kriz sa a, pa gen absoliman kilti sa a. Sèl prevansyon ke yo konnen bann maladi enfektye, se vaksen yo. Paske pou yo, se sèl pis ki te prouve yon efikasite, men se fo. Yo genyen bann etid sou rès, men yo pa ase pisan, ou yo pa konsène yon medikaman byen presi. Donk yo pa vle preskri’l.


5- Vitamin C: Estimilan iminitè


Naratè: Yon lòt molekil natirèl te jwenn bann efè enpresyonan pou swanye malad gravman atenn pa Kowonaviris la: Vitamin C. Enjeksyon Vitamin C yo te demontre, bann etid syantifik avèk apwi, yon reyèl efikasite kont enfeksyon respiratwa yo e sou malad viktim septisemi yo. Nou pral konprann poukisa toujou pi plis medsen dakò ke malad ospitalize yo pou Kowonaviris la, ta dwe resevwa imedyatman bann enjeksyon Vitamin C.


Dr. Dominique Baudoux: Gran papa’m famasyen te konnen sèlman de medikaman: Vitamin C ak Aspirin nan, pou tèt li de tout patoloji viral. Vitamin C a ta dwe rezève’l a lonè. 


Dr. Éric Ménat: Vitamin C a, se yon eleman ke yo konnen depi petèt yon syèk tankou estimilan iminite, 1 gram, 2 gram Vitamin C, deja yo konnen ke sa gen yon aksyon sou iminite nou. E Vitamin C a, li gen yon avantaj: Nou pap janm ka fè bann eksè, nou pa janm genyen yon efè segondè paske nou te pran trop Vitamin C. Paske se yon Vitamin ke yo rele idrozolib. Donk si nou pran tròp, li pral repase nan pipi yo, se pa grav, nou pap riske anyen. Men pandan ke l’ap pase nan kò a, li aji. E donk gro dòz Vitamin C yo, ta ka efikas.


Pr. Vincenzo Castronovo: Mwen gen yon malad ki konplètman demini-antioksidan. Vitamin C a pral trè rapidman etenn ensandi yo. Se yon antioksidan pisan. Li proteje tout sa ki se faz imid kò a, donk anndan bann selil yo kont atak bann oksidan yo ak globil blan yo egalman bezwen’l pou yo pa eksploze kan yo rive sou chan batay.


Dr. Claude Lagarde: Nan kèk maladi, Vitamin C a nesesite pou’l bay avèk bann gro dòz. Se pa tro fasil pou prann nan bouch gwo dòz, e yo gen, depi lontan deja, imajine posiblite pou enjekte Vitamin C a, sa ki pral boustè òganis la.


Naratè: Fas a Kowonaviris la, enjeksyon avèk gwo dòz Vitamin C yo ta petèt ka sove lavi anpil bann moun gravman atenn. Tretman sa a bon mache e san okenn danje pat pou otan jwenn okenn eko nan medya yo. Dr. Pierre Kory se espesyalis medsin swen entansif nan Etazini. Li pou yon group ki konpoze avèk 5 ekspè tout rasanble ozalantou Pr. Marik, youn nan pyonye itilizasyon Vitamin C yo nan enjeksyon. Dr. Kory te resevwa nou lakay li, nan Madison, nan Wisconsin, pou rakonte nou kòman li te dekouvri tretman sa e pou pataje avèk nou enkwayab rezilta bann enjeksyon Vitamin C yo sou malad ki te antre nan swen entansif yo pou Kowonaviris la, e sa nan endiferans jeneral bann otorite sanitè yo.


Dr. Pierre Kory: Travay ke mwen te fè avèk Vitamin C a, ou sa ke mwen rele asid askobik la, baze sou dekouvèt ke zanmi’m e kòlèg mwen te fè Dr. Paul Marik. Bann etid deja pibliye te montre ke bann dòz elve asid askobik anndan venn yo ta trè benefik pou trete malad yo ki atenn bann chòk septik. Li te eseye’l sou de malad ekstrèmeman malad, ki te prezante yo nan lopital li a e li te dekri ke eta fizyolojik yo te amelyore nan fason trè vit e rèd. Donk sa te entèrese’l anpil, e li te mennen yon etid landan ke li te trete senkantèn malad ke li te resevwa apre, ki t’ap soufri bann enfeksyon sevè, e li te remake a chak fwa ke malad yo t’ap retabli yo jodi nan demen. Donk li pibliye eksperyans li a avèk 50 malad sa yo pandan’l konpare yo avèk 50 malad ke li te trete anvan yo, san itilize Vitamin C a anndan venn yo. E sa ke li te montre, se te yon diminisyon espektakilè nan to mòtalite a. Yon gran kantite malad te kontinye viv, avèk anpil mwens defayans nan yo, yo pat gen ensifizans renal, yo pat bezwen dyaliz. Mwen pat janm konn tande pale de yon medikaman ki kapab amelyore to sèvis malad yo nan fason sinyifikatif konsa.


Naratè: Enpresyone pa rezilta ki jwenn pa Dr. Marik, Pierre Kory deside pou aplike protokòl li a.


Dr. Pierre Kory: Mwen te eseye sa sou yon malad ki te fenk vin nan inite swen entansif mwen an. Li te ekstrèmeman malad. Se te yon malad ki pat gen okenn sistèm iminitè. Kòm li te kòmanse resevwa yon transplantasyon nan mwèl zo, li te fini tout seyans chimyoterapi’l yo. Li pat gen okenn globil blan ankò menm, e eta’l t’ap detèryore rapidman. Sa ke’m te wè avèk nonm sa a, se ke nan espas de ou twa zè, eta’l te estabilize, e nan bout 6h anviwon, ren’l yo te rekòmanse ap fonksyone, tansyon ateryèl li te nòmalize, eta mantal li te amelyore, li te ka pale pi klèman. Kan mwen te rantre lakay mwen sware sa a menm, mwen pat sispann panse avèk li, e avèk pisans reyaksyon tretman’l yo. E kan mwen te rive nan travay nan demen maten, li te kòmanse ap pran tidejene’l pandan’l t’ap diskite avèk madanm li e yo t’ap aranje yo pou fè’l soti nan swen entansif yo pou mennen’l nan etaj kote li te ye nòmalman. E depi moman sa a menm, mwen te reyalize anpil travay nan domèn sa a. Mwen te mennen pròp etid pa’m, e mwen te di ke sa ke etid mwen an ajoute nan piblikasyon ki egziste yo, se ke mwen te dekouvri nan itilize apròch sa a nan pròp sèvis swen entansif mwen, se ke efè Vitamin C yo anndan venn yo e repons yo ke’l prodwi, depann antyèman de moman kote’l te administre a. Fòk yo administre’l trè rapidman apre chòk septik la rive, nan preferans avèk ijans yo ou trè bonè nan inite swen entansif yo.


Naratè: Anpil gwo rezilta espektakilè te jwenn avèk Vitamin C a sou bann malad viktim yon chòk septik, Doktè Paul Marik ak Pierre Kory pral aplike protokòl yo a sou bann malad ki atenn Covd-19 la. Rezilta ki te jwenn yo konfime previzyon’l yo.


Dr. Pierre Kory: Piske nou konnen, e se konviksyon ke mwen pataje avèk kòlèg mwen yo, ke Vitamin C a fonksyone tou nan ka Covid yo ou difikilte respiratwa ki lye avèk Covid la. Wi, absoliman. Nan estad kote mwen ye jodi a, nou genyen deja yon esè randomize ki kontrole ak yon esè retrospektif ki montre tou lè de efè yo trè benefik Vitamin C a avèk gwo dòz, nan bann ka ensifizans respiratwa ki lye avèk Covid la. Donk mwen pa konprann desizyon pou pa itilize tretman sa a. Li san danje, pa tro chè. Anpil bann done montre ke li fonksyone trè byen sou lezyon pilmonè yo, tankou epnemoni yo ou sendrom detrès respiratwa egi a. Donk yo ta dwe itilize’l.


Naratè: Efikasite bann enjeksyon Vitamin C a obsève nan kat kwen mond lan. Poutan, enkwayab tou ke sa ka parèt, kèk medsen meprize pisan zouti terapetik sa a.


Dr. Pierre Kory: Selon yon atik, yo te estime ke ant 15 ak 20% medsen nan swen entansif yo itilize’l. Poukisa pa genyen plis? Se yon kesyon ke mwen te reflechi anpil avèk li e nan avi pa’m, genyen petèt twa rezon avèk sa. Premyèman, se yon vitamin, e pa rapò a vitamin yo, depi lontan, nan medsin alopatik profesyonèl la gen yon trè gwo patipri kont vitamin yo. Donk antanke medsen, k’ap fè promosyon pou vitamin konsidere yo kòm non syantifik e revòltan. Dezyèmman, gen yon malantandi nan sijè nati tretman an. Li pa jis pou bay kèk konprime Vitamin C avèk malad yo. E twazyèmman, genyen obsesyon sa a pou fè bann esè randomize e kontrole pou rapòte bann prèv definitif. E sat touye’m vrèman an, se ke esè sa yo egziste ak demontre ke Vitamin C a anndan venn yo te gen bann efè benefik sou to kontinye viv la. E malgre sa, medsen yo kontinye pou pa itilize’l paske esè a trò modès, paske fòk yo fè yon pi gran, elatriye. Patipri sa a enfliyanse grandman fason pou entèprete bann done syantifik yo.


6- Lapèrèz ak estrès: Fatal avèk sistèm iminitè nou


Naratè: Si Zen an, Vitamin C a ou ankò Vitamin D a, te demontre ke li te reyèl tretman pou malad Kowonaviris yo, yo tankou tou bann lòt mikronitriman esansyèl yon enkwayab efikasite nan prevansyon pou amelyore defans iminite nou yo. Donk plis tèren nou an solid, mwens viris la danjere. 


Dr. Éric Ménat: Mwen te toujou renmen fòmil Béchamp an "Mikròb la pa anyen, tèren an se tout bagay." Pa genyen yon egzanp ki pi bèl ke Covid-19 la pou ilistre faz sa a. Paske, nou rann tèt nou kont kan menm ke, menm viris la ale, kay kèk moun pa bay anyen; okenn sentom, moun yo fè enfeksyon an san estriktman okenn sentom yo pa konnen, e lòt mouri. Se menm viris la. Donk yo pa kapab di ke gravite a lye avèk viris yo. Se pa posib piske si gravite a te lye avèk viris la, tout moun ta gen yon malad grav, plizoumwen, byen si. La, sa ale nan anyen, nan lanmò, pou menm viris la. Donk se byen yon istwa tèren. "Mikròb la pa anyen, tèren an se tout bagay la." E donk, si yo te estimile iminite sa a avèk malad nou yo, èske pa t’ap gen bann chans pou’w pa malad tròp? Men nan okenn moman, yo pat di fransè yo "Estimile iminite nou."


Naratè: Absans konsèy prevantif la gen menm entansite nwizans menm jan avèk rete anndan kay yo ak kominikasyon anksyojèn bann otorite yo, te enpakte moral popilasyon an.


Dr. Éric Ménat: Sa ki rann mwen plis an kòlè a jodi a nan istwa pandemi sa a, se lapèrèz la ke yo mete lakay laplipa konsitwayen nou yo.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[Òm politik fransè: Pli ke jamè, pandemi Covid-19 la aktif e ap touye.]


Dr. Éric Ménat: Yo te jwe avèk lapèrèz sa a, yo te pale sou li e li dramatik avèk anpil nivo. Yo tout konnen’l, estrès la fè tonbe sistèm iminitè a. Moun ki fè (herpès) èpès yo konnen’l: Yon gwo estrès, bouton èpès soti. Poukisa yon bouton èpès soti? Paske sistèm iminitè a te tonbe. Tout moun konnen’l, se enkwayab.


Dr. Dominique Baudoux: Defans natirèl nou yo ki bezwen pou yo remonte paske yo anfas yon viris, yo trouve yo o kontrè rann pi piti, febli pa, mwen ta di, sinistroz, katastrofism, panik, ki retrouve yo sou tout chèn tele yo, nan tout medya yo k’ap chache fè sèlman sansasyonalis.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Yo te wè’l, sa ke mwen rele "kwòk lanmò DGS la", Profesè Salonmon ki te vin chak jou degrennen chif sa yo, kan menm… se danje fason ke li t’ap balanse sa.


Dr. Éric Ménat: Kan yo bann nou nonm mò yo, poukisa yo pa di: "Moun sa yo k’ap mouri yo, yo te ospitalize depi yon mwa edmi; moun sa yo k’ap mouri yo, yo genyen tèl laj, yo genyen tèl komòbidite, yo trè obèz ou yo genyen…" Nan fè antre lapèrèz la nan popilasyon an, mwen panse ke yo gen o kontrè agrave risk sanitè yo, pito ke kontrè a.


Dr. Claude Lagarde: Estrès la se yon agresyon psikolojik, yon lapèrèz, ou alò li kronik paske yo panse avèk li chak jou e problèm viris sa a ak estrès la mete an branl bann mekanis bann repons avèk agresyon yo ki gen tandans pou ban nou karans nan kèk mikronitriman, nan kèk molekil lavi. Donk estrès la bay konkou pou fè gen karans an Manyezòm, an Zen, an lòt sibstans mineral esansyèlman. Li fè nou gen karans paske li ipè-konsome kèk nitriman. Donk si yo pat pote ekivalan an chak jou nan alimantasyon’l, estrès la pral mete nou vid tikal pa tikal de kèk rezèv. 


Naratè: Estrès, Izòlman, manke solèy, iminite popilasyon an, deja frajilize, pat an plis benefisye bò kote otorite sanitè yo bann konsèy avize sou jès prevantif senp ki ta ka pèmèt li optimize defans natirèl li yo.


Dr. Éric Ménat: Pr. Toussaint te trè klèman di’l nan plizyè entevansyon’l yo: Entèdi a moun pou soti e entèdi yo pou fè espò se yon betiz syantifik, paske yo redwi iminite yo, alòske espò a ogmante iminite a.


Ekstrè nan yon Jounal TV:
[BFM TV: Yo gen anpil egzanp, men gen youn ki te frape’m plis, se ti granmoun fanm nan ki aje de 93 an nan Biarritz, ki te vle naje pou swanye newopati’l la, donk yon maladi vrèman doulere nan janm, e ki te anpeche pa, mwen panse kat polisye, pou ale naje. Donk sa se yon gwo betiz. An plis se kont-prodiktif, paske espò a sa ranfòse evidamman defans iminite yo.]


7- Ke alimantasyon’w nan se premye medsin ou


Naratè: Angletè pat non plis egzanplè fas a premye epidemi an, men kan Premye Minis li a Boris Johnson te antre nan swen entansif, aprè’l te fin frape pa Covid-19 la, li te konprann enpòtans pou fè prevansyon an. An jiyè 2020, li entèveni piblikman pou rekòmande a britanik yo pou pèdi pwa nan kad yon plan lit kont obèzite a: "Pèdi pwa se trè klèman youn nan meyè mwayen pou redwi risk ki lye avèk Kowonaviris la." Bann mezi radikal te pran nan pi wo nivo pou sansiblize popilasyon britanik la sou konsekans nwizib nan alimantasyon transfome yo, kòm pa egzanp entèdi avèk makèt yo pou fè promosyon pou bann atik ki konsidere kòm malbouf ou ankò entèdi piblisite televize yo pou prodwi ki rich yo an sik anvan 21h, nan Lafrans, pa yon mò.


Dr. Jean-Jacques Erbstein: Sik la, se yon katastròf. Sispann manje sik. Genyen sik tout kote. E nan 70% ka yo, nou manje sik, nou pa menm rann kont de sa. Se kèk bagay tèrib pou iminite a, pou po a, pou tout jan bagay sa yo.


Dr. Claude Lagarde: Jodi a sou planèt la, se sik la k’ap touye plis moun e byen lwen devan tout lòt maladi, menm viris yo ladann. Eksè nan sik entoksike nou sou plizyè ane. N’ap fini dyabetik, ipetandi. Sik la sipè konsome, tròp. 


Dr. Vincenzo Castronovo: Donk, yo te montre ke si yo ta enimere kòm yo fè’l pou viktim bann Sars-Cov2 yo, nonm mò pa jou yo e byen moun yo t’ap absoliman panike pou genyen yon kanèt koka, piske yo konnen ke, e sa te di nan yon etid serye ki pibliye pa inivèsite Stanford, depatman epidemyoloji a, ke sik la mondyalman touye yon moun pa segond nan mond lan. Yon moun pa segond nan mond lan. Sa fè plizyè milye pa jou, e sa yo pa pale de li. Donk nou dwe konnen ke, notamman nan nivo kominote eropeyen yo, endistri sik la depanse 3 milya dola pa ane pou lobbying, pou sèlman bann desizyon kont endistri k’ap mete sik pran bann desizyon, notamman pou etiketaj la. Kan yo di nou sa, nou te konprann tout.


Naratè: Fas a Kowonaviris la, yon bon ijèn alimantè ka fè diferans lan. Se ke Dr. Aseem Malhotra te deklare nan jounal European Scientist: "Gran piblik la dwe enfòme imedyatman ke fòk li redwi sik la, glisid transfome yo, e malbouf la, e pou mete yo pou konsome prodwi yo konsa, rich an legim, fwi, nwa, grenn, avèk anpil proteyin, legimine, pwason, vyann, ze, pou amelyore sante’l nan kèk semèn e ede’l pou proteje tèt li kont nouvo Kowonaviris la."


Dr. Claude Lagarde: Poukisa yo pa konseye avèk moun yo pou yo ame tèt yo, pou yo ba yo bann konsèy alimantè pou prevni bann dezòd ak bann patoloji? Mwen panse tou senpleman ke se paske nan etid medsin yo, yo pa aprann sante avèk fiti medsen yo. Yo aprann yo pou fè bann bon dyagnostik, konsènan souvan bann eksplorasyon ki koute yo: Bann radyo, bann analiz nan laboratwa bann eskanè elatriye. E yo rive avèk bann dyagnostik, men avèk yon dyagnostik, yo gen yon tretman. Donk medsen an, li panse ke wòl li, se dyagnostike e trete. Alòske li ta dwe se premye moun ki pou okipe tèt li nan prevansyon.


Naratè: 400 an anvan epòk nou an, Hippocrate, papa medsin nan te di: "Ke aliman’w nan se premye medsin ou." Depi, byoloji a ak teknoloji a te pase pa la e yo te pèmèt pou obsève ke chak waj sistèm iminitè fonksyone gras avèk bann nitriman patikilye ke alimantasyon nou an sanse pote pou nou. Konsa, ame nou avèk bann bon nitrisyon, sistèm iminitè nou dispoze asenal ideyal pou konbat yon miltitid menas, tankou bakteri yo, chanpiyon yo, parazit yo ou ankò viris yo.


Dr. Éric Ménat: Piske entesten an genyen 60% selil iminite nou yo, nou konprann byen ke alimantasyon an jwe yon wòl majè sou iminite nou.


Naratè: Sèlman, nan jou nou yo, alimantasyon an souvan tro rich an kalori e tro fèb an nitriman esansyèl, menm lòske alimantasyon an ekilibre. Se poutèt sa pou pi plis profesyonèl sante, mikronitrisyon an te parèt tankou yon solisyon prevantif patikilyèman efikas kont viris yo.


Dr. Claude Lagarde: Òganis nou se yon veritab izin chimik k’ap fabrike bann omôn, bann antikò, bann kantite molekil, bann tisi, bann miskl, bann ògàn. Tout fèt pa chimi entèn, sa ke yo rele byochimi an. Nan byochimi sa a, nesesite bann sibstans ke nou dwe manje absoliman, donk proteyin, asid anime, asid gra poli-ensatire, vitamin – oligoeleman, ki se bann katalizè. San yo menm, milya reyaksyon chimik yo nan òganis lan pakab byen reyalize’l. Mikronitrisyon an, se yon mwayen pou restore bon fonksyònman òganis la, donk se pote bann nitriman nan eta tras paske "mikronitriman yo", pou korije defayans sa yo.


Dr. Vincenzo Castronovo: Laplipa nan malad mwen yo gen bann karans sevè an Omega 3, Bann karans an Selinyòm, an Vitamin D. Mwen raple’m de malad sa a ki gen yon kansè nan pankreya ki te vin wè’m paske li te dezespere ke an fèt, kan yo di nou ke nou pa genyen plis ke twa mwa pou viv, swa nou aksepte e nou pral fè testaman nou, swa nou eseye pou wè si pa gen yon altènatif. E malad sa a ke yo te di "ou inoperab", te vle kan menm fè kèk bagay. Bilan nitrisyonèl li te katastrofik, yo te korije’l. Li te kapab genyen yon chimyoterapi, timè a te regrese, yo te kapab opere’l, e li an remisyon konplè. E donk apròch la trè efikas, lòske nou adrese malad la tankou sèl moun e ke nou anvizaje tout nitriman yo e ke nou korije nan fason pèsonalize. E kan nou fè sa, nou genyen bann rezilta remakab. Sitiyasyon kay retrèt yo ou tankou nou rele nan Lafrans EHPAD, li ase revelatris e karikatiral nan sitiyasyon sosyete a. Granmoun yo, an mwayèn plis pase 80 zan, te premye viktim yo e rete premye viktim enfeksyon avèk viris Sars-Cov2 Covid-19 la, sa ki revelatè de eta mikronitrisyonèl detestab yo a ak konplètman an karans. Yo gen bann mwayen efikas, ki se pou korije to Vitamin D a, to Zen an, to antioksidan yo, e se sa ki yon ti kras entèpelan an. Poukisa, alòske sa te konnen, èske yo pat pwopoze’l avèk malad yo?


8- Fitoterapi ak Aromaterapi (Tretman a baz ekstrè plant)


Naratè: Omèta sa a egalman sou anpil lòt solisyon natirèl avèk dispozisyon nou. Se ka notamman bann tretman ki fonde sou ekstrè plant yo ak prensip aktif natirèl yo, plis rele nan non fitoterapi.


Dr. Vincenzo Castronovo: Laplipa bann medikaman yo te enspire a pati plant yo. Problèm nan se ke plant yo yo pa renmen lajan, yo pat profite de envansyon yo a. Donk sa ke Big fama fè? Li pran molekil la, li modifye’l, li rann li inik, li sètifye’l e li ka vann li nan pi gwo pri, piske li, li proteje.


Dr. Christian Perronne: Fitoterapi a, se yon estrateji mèveye ke mwen te dekouvri a travè malad yo, mwen pat aprann sa nan lekòl medsin, byen si. Gouvènman Chinwa a, kan li te genyen Covid la, te entèlijan. Yo te wè ke yo te yon ti kras debòde nan kòmansman, bon asireman yo te jwenn Hydroxychloroquine nan nan wout, men yo te fè apèl avèk medsin tradisyonèl chinwa a. E kisa medsen chinwa yo te bay? Anpil Amwaz. Sa te mache. Apre, sa te ekspoze an Afrik, sa te mache remakableman. Yo te moke Prezidan Madagaska a ak lòt peyi ki te bay Amwaz yo tout kote nan lekòl yo. Pat genyen pratikman Covid e pat genyen pratikman mò. 


Dr. Éric Ménat: Te genyen lòt: Scutellaria. Scutellaria te prouve efikasite’l sou Kowonaviris la li menm. Efikasite’l, mwen te di byen an prevansyon. Sèl, sa pa geri maladi a, men nan prevansyon yo gen yon rediksyon bann fonksyon avèk Kowonaviris gras avèk Scutellaria.


Dr. Vincenzo Castronovo: Anpil ekstrè plant gen yon enterè paske yo se bann molekil ki pral limite enflamasyon an.


Naratè: Boude, wè diskredite pa yon bon pati mond medikal la ak syantifik, fitoterapi a merite plènman pou retrouve lèt noblès li yo. 19 septanm 2020, OMS te aprouve mete an plas yon protokòl pou bann esè klinik konsènan tretman fitoterapi yo pou Covid-19 la. Deba syantifik yo sou Amwaz la, Margousiers ou ankò Vernonie ta kapab retrouve tou plas lejitim pa yo.


Dr. Éric Ménat: Bò kote fitoterapi a, nou genyen aromaterapi a. Nou genyen pi gran antiviral probableman ke nati a te kreye, ki se Ravintsara a. Lwil esansyèl sa a ki soti Madagaska a se yon pisans ekstraòdinè e yo gen bann piblikasyon klè sou li. Se yon antiviral pisan ki touche jis anpil viris, yo pral di bann fanmi Kowonaviris, e se yo imminoestimilan.


Naratè: Ravintsara a se donk yon lwil esansyèl anblematik nan aromaterapi a. Efikasite’l sou viris yo byen konnen pa gran piblik la. Pou prèv, li te an ripti nan estòk pandan plizyè semèn nan Lafrans diran epidemi an. 


Dr. Dominique Baudoux: Domèn predileksyon an bann lwil esansyèl yo, se enfeksyoloji; donk tout patoloji ki pral jenere ou ki pral make yo, tradwi yo pa yon enfeksyon, ke enfeksyon an swa bakteryèn, fonjik, parazitè ou viral.


Naratè: Sekrè efikasite lwil esansyèl la rete nan lefèt ke li genyen inonbrabl molekil nan ogmante aksyon an konsa ak efikasite’l fas a efè endezirab yo. Espesifisite sa a fè aromaterapi a yon disiplin trè prometè pou rezoud youn nan defi sanitè maje yo nan lanne k’ap vini yo: Antibyorezistans lan. Selon OMS, pou rive nan 2030 antibyotik yo pap efikas menm ankò sou bon nonm bakteri, avèk bann konsekans katastrofik pou sante nou.


Dr. Dominique Baudoux: Nan mond lan, yo pale pi plis pase 500 000 desè ratache avèk fenomèn antibyorezistans sa a. Se yon defi enkwayab pou mond famasetik la ki pa janm vin ankò menm sou kenz dènye ane sa yo pou kreye yon nouvo antibyotik inovan ki ta ka detwi mikròb la. Pa gen repons aktyèl. Si, gen youn, byen si. Nan melanje yon lwil esansyèl avèk yon antibyotik, yo rann avèk antibyotik la efikasite’l sou mikròb la ki t’ap reziste avèk li presedamman, paske lwil esansyèl la te ouvri bann pòt nan byofim ke mikròb la te santi’l refijye ladan a, tankou antoure nan yon ranpa. E se sa ke lwil esansyèl la ofri. Kounye a, lwil esansyèl la chwazi, a li menm yon aktivite antibakteryèn k’ap pèmèt li pou li pa senpleman yon ouvè pòt pou antibyotik la. 


Naratè: Mekanis aksyon lwil esansyèl yo yo anpil, se sa ki fè yo se bann zam patikilyèman itil kont nouvo menas yo tankou Kowonaviris la.


Dr. Dominique Baudoux: Chak klas molekil yo, konpozan bann lwil esansyèl, ka gen yon aktivite diferan sou viris la. Yo pral pa egzanp detwi anvlòp viris la, e viris la fòseman pral mouri. Yo ka atake ADN li, ARN li, e donk fòseman provoke lanmò viris la. Yo ka anpeche tou ke viris la adere nan pawa selil la pou penetre selil la e kreye patoloji a.


Naratè: Poutan, malgre tout aksyon ki parèt sa yo pou fè fas avèk mikròb yo e avèk viris la, aromaterapi a regilyèman diskredite nan medya yo, patikilyèman diran epidemi Kowonaviris la. Poukisa yon diskredite konsa alòske depi 2008, yo te konnen ke yon lwil esansyèl, lorye nòb la te gen yon aktivite in vitro kont viris Sars-Cov, reskonsab epidemi SRAS lan 2003? Poukisa yo pat imedyatman teste lwil esansyèl yo kont Sars-Cov2 a?


Dr. Dominique Baudoux: Nou frape nou avèk yon septisis yon mond medikal ki pa ka kwè ke lwil esansyèl sa yo gen yon enterè terapetik.


Dr. Éric Ménat: Si nou pa ka sètifye yon molekil, nou pap janm fè bann etid sou li. Se pou tèt sa ke pa gen bann etid sou fitoterapi a, se poutèt sa ke pa gen bann etid sou omeopati a, se poutèt sa ke Hydroxychloroquine nan pat mete devan.


Dr. Dominique Baudoux: Si yo pale de Hydroxychloroquine nan, si yo pale de Colchicine, si yo pale de lòt molekil natirèl ou sentetik tankou Vitamin C, sa pa fè viv bann aksyonè endistri famasetik yo. E pou endistri famasetik la, fòk gen nouvo. E inovasyon an, sa peye, chè.


9- Leson pou tire


Naratè: Epidemi Covid-19 la te revele fay sistèm sante nou an. Modèl ekonomik endistri famasetik la baze sou bann nouvo molekil ki te vann a pri lò te revele limit li yo, danje li yo, men tou deriv li yo. Sante nou, byen nou ki pi presye pou nou, li nan men yon ekosistèm kote sante bann aksyonè dominen sou pa popilasyon an. Kriz pandemik sa a konstitye yon opòtinite san swit pou ke endividyèlman nou reprann sante nou an men e ke kolektivman nou ini nou pou chanje paradig, pou ke solisyon natirèl yo rejwenn lèt noblès yo a. Sa se pou ke byenèt la ak sante malad yo ka nan sant tout priyorite yo.


Dr. Christian Perronne: Pou refòme sistèm sante a, fòk yo ta vrèman separe mond la avèk lajan e mond lan avèk medsen yo, fè yon kout bale nan tout ajans evalyasyon yo, avèk bann vrè evalyasyon pou asirans bann konfli enterè chak moun. Deja, se tap yon bon baz pou repati. 


Dr. Dominique Baudoux: Sante a, se fondman bonè e mwen vle byen parye sou fiti jenerasyon famasyen yo ak bann medsen yo, ki, avèk yon retou nan manje sen, nan viv sen, pral genyen yon volonte pou swanye tèt yo sen.


Dr. Claude Lagarde: Mwen panse ke fòk gen bon sans nan lavi, e medsin nan se yon metye e se pa yon syans. Nou tout diferan e se la ke medsin tradisyonèl la, ki genyen eksperyans, li fondamantal.


Dr. Vincenzo Castronovo: Orijin sante se ki sa? Se gen yon dijestif k’ap fonksyone byen, genyen yon bon mikrobyot, pote bay sistèm iminitè nou jis molekil yo an pwopòsyon e an kalite, se yon sistèm nan yon efikasite remakab.


Dr. Dominique Baudoux: Nou nan yon medsin entegrativ. Yo pa vle genyen sèl verite nou an. Yo genyen verite nou an, tankou bann lòt yo gen verite pa yo, e sanble, nan asosye nou pral tèlman pi fò, tèlman meyè pou sante pasyan yo.


Dr. Éric Ménat: An konklizyon, vrèman mwen vle ensiste sou nosyon divèsite sa a. Reyèlman, mwen kwè ke a lafwa bann desidè, bann ekspè, gran piblik la, konfrè’m yo, dwe konprann ke anyen pa pi rich ke divèsite nou, e ke panse inik la pa gen anyen pou wè a medsin. E reyèlman mwen kwè nan profondè’m, ke panse inik se lanmò, divèsite a se lavi. Donk mwen vle vrèman ke tout ansanm te chwazi lavi.


[Fen Dokimantè a]


10- Konklizyon


Kòm nou sot li’l, sa yo pretann ki Pandemi Covid-19 la se yon gwo mansonj òganize e ki antreprann pa satanis yo k’ap dirije mond lan, avèk nan tèt yo ti demon Lanfè a k’ap dirije Lafrans lan. Se dayè poutèt sa ke li te vin nan mond sa a, se poutèt sa ke li te eli. Li te soti nan mond satanik la avèk pou misyon pou akselere enplantasyon rèy sila ke Bib la rele antekris la. Nou konprann poukisa donk Lafrans se an menm tan peyi ki te kreye Covid-19 sa a,  (nou te deja gen prèv apre nou te fin li ansèyman ki rele "Vaksen Covid-19: Projè pou yon Jenosid Planetè"), peyi ki pi ajite nan mete an zèv rekonesans Covid-19 la kòm pandemi, e tou peyi ki pi brital e ki pi sovaj nan represyon kont tout moun ki ta oze pa obsève a la lèt mezi restriksyon idyo yo e totalman bèt ke demon sa a avèk band li yo enpoze a popilasyon an.


Konfinman an ki se rete lakay la, mezi baryè yo ak mas yo pa gen okenn itilite pou moun. Syantifik yo ki pa kòronpi yo te demontre’l. Pou konnen plis sou sa, al li Ansèyman ki rele "Mas ak Gès Baryè yo Initil" ki sou sit www.mcreveil.org a nan meni Sante a. Tout mezi abominab yo te pran yo pou swadizan konbat yon pandemi ki pa egziste, te pran pou detwi lòm, sou tout plan: sou plan espirityèl, sou plan ekonomik, sou plan sanitè, sou plan sosyal, ak sou plan familyal. N’ap devlope sijè sa a nan yon lòt ansèyman.


Antekris fransè a te anonse depi nan kòmansman pandemi an, ke Lafrans te an gè. Kèk moun te pran sa pou yon senp pawòl, alòske an reyalite, li te revele yon sekrè ke sèl moun ki te avèti yo te kapab konprann. E depi lè sa a, lame a, jandamri a ak lapolis fransè a te mobilize tankou si Lafrans te reyèlman nan gè. Lagè kont kiyès? Kont tout moun ki pral fè prèv bon sans, e k’ap jwenn li pa nòmal pou yo soumèt nan plan kontròl mond lan pa lisifè. Lame a, jandamri a ak lapolis te deplwaye, gen pou sèl misyon entimidasyon ak represyon sovaj pèp la. Se sa ki lagè a ke ti lisiferyen an te piblikman anonse a nan kòmansman pandemi envante yo a; yon lagè kont pèp la.


Kòm nou sot li’l, li te entèdi tout medikaman ki te kapab geri fasilman e rapidman tout maladi grip yo kouri ap rele Covd-19 la e fè’l tounen pandemi, e te enpoze avèk medsen yo bann pwazon k’ap touye bann inosan pa milye. Bi y’ap chache a se yon kote, pou ofri avèk satan anpil bann sakrifis moun pou fè chita pouvwa’l la ak rèy li a, e lòt kote, pou fè triyonfe rèy lapèrèz, avèk enpozisyon bann mezi satanik tankou Konfinman an, pote mas, jès baryè yo, ak bann lòt distansasyon sosyal yo, pou rive nan kourònman ki se Vaksen satanik ki pral transfòme tout moun an zonbi.


Kòm nou sot aprann li nan dokimantè sa a, pitit dyab sa a nan lagè kont tout medsen ak chèchè onèt e serye ki gen pou sèl dezi ke swanye malad yo. Li te reyisi pou kontamine ak byen kole avèk projè fatal li a, lòt dirijan mond la yo, ki, menm san trò konprann sa k’ap pase a, te oblije pou swiv li tankou bann mouton.  


Pou moun ki konsène Kowonaviris la an tanke maladi, konnen li pa diferan nan anyen avèk lòt grip yo; li kirab, sa vle di li ka geri. Prezidan Andry Rajoelina nan Madagascar te demontre nou li; Profesè Didier Raoult nan Masèy nan Lafrans, te demontre nou li, anpil lòt medsen ak chèchè Afriken ak Oksidantal serye, te demontre nou li; Natiropat Afriken yo te demontre nou li. Donk pa kite nou entimide menm ankò pa ajan lanfè sa yo ki kòmanse ap mete an plas, anba je nou, gouvènman mondyal lisifè a, ke Bib la rele rèy antekris la. 


Youn nan prensipal bi k’ap chache pa vanpi yo ki kreye Covid-19 sa a se te destriksyon total Afrik. Demon sa yo te dakò ke popilasyon afriken an ta dwe detwi pa viris fabrike nan Lafrans sa a pa Enstitisyon Pastè. Prevansyon yo pou nonm desè an Afrik la ta chiffre an dizèn milyon. Men konfizyon yo a total, kòm nou ka konstate’l. Sèpan sa yo pa rive pou konprann sa ki pase a egzatteman. Yo pa konprann poukisa plan ke chans desè yo a te pratikman 100%, te echwe. N’ap pale nou de sa nan yon lòt ansèyman. Nou pral eksplike nou menm poukisa yo te gentan eseye pou chanje atik Covid-19 la, soti nan maskilen tonbe nan feminen. Yo mande avèk moun yo kounye a pou pa di menm ankò LE Covid-19, men pito LA Covid-19. Pa swiv foli sa a; rezon an deyò.


Fas avèk Kowonaviris la, tankou fas avèk lòt maladi yo ke popilasyon an ap soufri yo, yon bon ijèn alimantè se solisyon an. Pwen sa a te byen devlope nan yon ansèyman ke nou te rele "Maladi ak Alimantasyon", ke n’ap jwenn sou sit www.mcreveil.org, nan ribrik Sante a. Donk pa tonbe nan pyèj menm pou pran pwazon sa a ki rele Vaksen Covid-19 la. Si nou pran’l, n’ap mare pou toujou.


Nan prochen jou yo, nou pral fè yon lòt ansèyman pou montre nou nan fason elabore, enplikasyon espirityèl vaksen satanik sa a. E si nou fè pati moun ki pa kwè nan Bondye yo. Konnen ke tout syantifik serye yo, ki pa gen anyen pou wè avèk Bondye ou avèk relijyon, di nou ke okenn vaksen pat janm fèt nan yon ti kal tan, kòm falsifikasyon sa a ke demon yo fabrike nan kèk semèn nan, san okenn tès sou zannimo yo kòm se souvan konsa. Tout chèchè sa yo ak medsen serye e onèt sa yo, donk yo an jeneral sou lefèt ke vaksen sa a ekstrèmman danjere, e kache yon ajannda ke yo inyore. Se de ajannda kache sa a ke nou pral pale nan yon ansèyman k’ap ekspoze enplikasyon espirityèl vaksen sa a. Bib la pale de li genyen plizyè santèn ane. Pandan n’ap tann, konnen dènye konsèy sa a: Si nou vle kenbe lavi nou, ou Sali nou, ou tou lè de, pa aksepte vaksen satanik sa a ki rele Vaksen anti Covid-19 la.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF