Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

GÈ FRANS-AFRIK: SOLISYON


Frè ak sè, Panafrikanis, fi onèt ak gason onèt Afrik yo, Zanmi Afrik yo,


Tankou jan nou konstate’l la, Lafrans te jire pou kenbe Afrik nan esklavaj pi repinyan an, san fot, e pa tout mwayen, menm sa ki pi inimen yo, sa ki pi degradan yo, sa ki pi move yo, sa ki pi imilyan yo, ak sa ki pi enjis yo. Masak bann milye Ivwaryen ak bann dizèn milye Libyen ak piyaj sistematik ki swiv masak sa yo, se prèv pou moun ki te vle youn ankò.


Nou te ka konstate egalman ke sa ki fè "fòs" lafrans ak jistifye arogans revoltan sa a ke li afiche a, se soutyen ke li benefisye nan men mafya entènasyonal la ki rele ONU an ak bann leta teroris yo ki rele grand pisans yo. Repinyan sarkozy ak lòt malad mantal omològ li yo ki pran tèt yo pou bann senyè latè, kwè yo gen pouvwa lavi ak lanmò sou Afriken yo.


Yo kapab ak arogans ak san pinisyon deside kiyès ki pral viv an Afrik, e kiyès ki pral mouri, ki peyi ki dwe detwi an pati e ki lòt ki dwe detwi totalman. Yo bay tèt yo libète pou kreye jenosid kote yo trouve bon, pou asasinen dirijan Afriken yo ki pa soumèt ak yo, e pou fèmen nan Haye sa yo ke yo pa resi asasinen. E kan y’ap asasinen dirijan Afrik yo, Yo kanpe yo devan medya pa yo, e pou yo akize nou, yo felisite tèt yo de krim yo a, e glorifye tèt yo pou "gran reyisit" yo a.


Si yo trè fyè konsa, tèlman yo wè yo anpil nan yo menm, se paske yo di tèt yo ke nou pa ka fè anyen. Donk si fòk yo ta pale de zam, nou pa t’ap gen pawòl, paske se yo menm ki fabrike zam yo. E si nou ta bezwen, se kote yo ke nou ta pral achte. E menm si nou te chwazi pou’n achte, yo t’ap kontrole byen sa ke yo t’ap vann nou yo, yon fason pou yo detwi yo rapidman moman ki vini an. Donk yo konsyan de tout sa, e arogans yo a ak mepri yo a pa atenn limit menm ankò.


Pil atik yo ke nou te ekri yo pat chanje anyen. Pil lèt ouvè ki te adrese ak yo rete san objè. Pil mach ak manifestasyon yo nan ri pari yo ak bann lòt kapital oksidantal pat pètibe nan anyen "gran trankilite" bondye latè sa yo. Fas ak sa, gran kesyon an poze: Afrik ak Afriken yo pral ka yon jou libere yo nan joug kolonyal la? Yo pral ka yon jou soti venkè nan konba sa a ki sanble mete fas a fas yon kòk ak yon ravèt?


Nan analiz kesyon sa a, plizyè lòt ti kesyon ap toumante lespri nou: Fòk nou pèdi nan pesimis ak rasazye tèt nou nan reveye moun? Fòk nou reziye nou e mouri dousman ak kòlè nan kè nou? Fòk nou plase nou pou gran sakrifis la, nan fè fas ak sanginè fyèman ame sa yo ak san anyen nan men nou, oswa n’ap transfòme nou an bonb tankou lòt yo fè a, nan espere ke pil bann kantite mò yo pral ka yon jou chanje kèk bagay? Fòk nou ame nou pito e afronte yo ou fòk nou jis priye e konte sou Bondye pou yon retounman sitiyasyon an tankou sitiyasyon David ak Goliath la? Se a kesyon sa yo ke mwen ta vle pote kèk repons.


Sa fè plis pase sis san zan ke Afrik ap sibi imilyasyon ak mepri oksidantal yo, e malgre pil soulèvman yo ki te genyen nan epòk la, ak yon bilan ki chifre’l an dizèn milyon mò, anyen pat chanje. Konsta sa a sifizan pou jistifye pesimis nou an, sitou ke nou ka lejitimman ak natirèlman site dikton sa a ki nan ka sa a vini yon propozisyon: "Pou enposib pa gen moun ki mare."


Men nou vrèman adopte pesimis la kòm koutim ak marye fidèlman ak rezinyasyon? Byen ke soufrans lan ekspoze nou nan li, mwen kwè se t’ap trè grav yon opsyon konsa. Solisyon sa a donk pa nan kesyon an.


Nou retrouve nou plizyè fwa ant zanmi pou egzamine sitiyasyon Afrik la. Kèk nan nou te soutni ke sa pou Afriken yo genyen, se ase kouraj pou yon vrè revolisyon ki pral provoke bann dizèn milye mò. Yo te ban nou tèz yo a pa lefèt ke san revolisyon pa gen libète menm. Yo site kòm egzanp revolisyon fransè a. Mwen te toujou wè e trouve pozisyon sa a derezonab, e tankou sa pou fè fas kare ak jeni sa yo, ak men nou san anyen. Kan nou an nafè ak demon ki nan yon lòt sèk tankou vanpi sarkozy, aliye nou pou yo masakre nou, pandan ke nou konnen ke krim sa a pa pral janm pini, an tou ka nan mond ensanse a. Jèn patriyòt Ivwaryen yo te soti pa milye nan panse ke sètènman repinyan sarkozy ta gen respè pou pa lage bonb li yo sou yo. Se te byen konte mal kalkile pou pa konnen ajan satan sa a ki kwè nan pisan li a.


E piske vwayou obama, plezanten pri Nobèl lagè sa a, te deja ba li aksè nan fè patriyòt Ivwaryen yo pase pou vwayou, rasis repinyan sa a Hongrois te konnen ke nan masakre patriyòt yo pa milye oswa pa dizèn milye, li pa t’ap okenn risk. Swit la, nou te konnen’l.


Fòk nou transfòme nou an bonb? Se t’ap pèdi sans lavi. Moun gen ase valè, pou li transfòme tèt li tankou yon zam konba. Ann kite metòd bann san sèvèl yo pou san sèvèl yo.


Fòk nou ame nou e afronte yo? Se pèn pèdi. Gid Kadhafi te sifizamman ame’l. Men an fas koyalisyon bann Eta teroris yo ak bann gangstè k’ap dirije Eta sa yo, tout detèminasyon’l lan pat sifi.


Fòk nou jis priye e konte sou Bondye pou yon retounman sitiyasyon an tankou David ak Goliath? Sijè sa a te fè deba e kontinye ap fè deba. Kèk moun trouve fòk nou jis priye, e pou tann Bondye. Bann lòt trouve ke pou tann yon entevansyon mirakile nan men Bondye, se mete tèt nou nan yon bèl rèv nan kwè ki malerezman pap janm vin reyalite. Masak bann milye patriyòt yo se yon prèv nan sa. Donk ki sa pou’n fè?


Eksperyans lan te montre ke pou lite kont yon bondye oswa kont bann bondye, fòk nou konte tou sou yon lòt bondye oswa sou bann lòt bondye. Demon sa yo k’ap dirije mond lan yo pa pran yo sèlman pou bann bondye, tankou jan nou byen renmen di’l la, yo sa. Mwen pa bezwen bann prèv pou konvenk nou de sa, aktyalite a ranpli ak sa.


Donk lite, oswa defann tèt ou, kont bann bondye san konte sou yon lòt, se ofri tèt ou an olokos pou anyen. Malgre tou, moun ki propoze ke pou’n priye yo e konte sèlman sou Bondye yo pou li retounen sitiyasyon an, yo anreyalite ap propoze sèl vrè solisyon an sa vle di. Malerezman yo inyore tout sa ki genyen nan yon solisyon konsa.


Kan nou ale nan Bib la wè kòman Bondye te aji e sou ki baz Li te akòde viktwa a a David sou Goliath, kèk bagay atire atansyon nou. Li konsène nan kondisyon ke David te ye a, sa vle di jan de lavi ke li t’ap mennen devan Bondye a. 1Samyel 17. David t’ap viv pou Bondye, e lavi’l te agreyab ak Bondye. Kondisyon yo te donk bon pou yon entèvansyon Bondye, viktwa a te asire, ke nenpòt gran pisans ennmi an.


Opsyon pou priye sèlman an e konte sou Bondye pou viktwa total la, donk li posib sèlman ke si Afriken yo soumèt yo ak Bondye, repanti de tout peche yo, e chwazi pou viv selon Bondye. Malerezman se yon ti kras ki prè pou soumèt yo nan "lanmou" Bondye a. Yo tèlman alèz nan manyè ke y’ap viv la ke mande yo pou yo konfòme yo ak pawòl Bondye a, se t’ap made yo trò anpil. E se la ke bèt la blese. Tout tan ke nou pral asimile nan "kapris" Bondye a, se ta trè difisil pou konte sou Li. Nan tout lojik, tout tan ke nou pral chwazi pou nou pa repanti nou e mete konsiy Bondye yo an pratik jan ke yo fòmile nan Bib la, opsyon pou pa konte sou Bondye a se ta sa pou nou chwazi. Donk konte sou Bondye nan kondisyon sa yo, se tap ekspoze tèt nou nan desepsyon ak lòt fristrasyon yo. Poutan, meyè e sèl solisyon an pou viktwa total la, se nan Bondye sèlman li ka soti.


Antre tan konvenk tèt nou nou menm ke konsiy Bondye yo yo pa anreyalite bann "kapris", antre tan wè si nou prè pou peye pri a pou yon entèvansyon Bondye nan konba nou an, pri sa a se soumisyon total a pawòl Bondye a, nou ka deja kòmanse konba a, pa dènye solisyon sa a ki rete pou nou an: Bòykote total tout bagay fransè.


Pa rapò a tout solisyon yo ki ofri ak nou yo, e nan absans yon entèvansyon divin, sèl solisyon efikas la ki dwe kondwi nou vè yon viktwa, se yon bòykote total tout bagay fransè. Pa bliye ke se nou menm ki kenbe lafrans an Afrik, nan konsome prodwi’l yo. Kite’m ban nou kèk egzanp:


Vòl konpayi avyon Fransè (Air France)


Pou moun pami nou ki te deja vwayaje nan vòl konpanyi avyon fransè a pou soti oswa pou ale an Afrik, nou te dwe wè kantite Oksidantal yo ki nan avyon an. Pafwa nou pa gen yon sèl pasajè ki soti Oksidan nan avyon an. Nan lòt tèm, vòl la ranpli ak Afriken oswa bann "moun koulè". Donk konprann ke si nou deside nou tout pou bòykote Vòl konpayi avyon fransè a, li pap janm ale menm ankò an Afrik. Se pa si konplike pou konprann. Vòl konpayi avyon fransè a te avèk siksè detwi tout konpayi ayeryen afriken yo, e ap glorifye tèt li kounye li se konpayi "afriken" pa ekselans. Nou ka mete fen ak arogans sa a si nou vle.


Orange


Al verifye kiyès ki kliyan France Telecom Orange an Afrik. Se Afriken yo. Si nou abandone tout kontra nou yo (telefòn ak entènèt) avèk Orange, e si nou detwi tout pis Orange nou, konpayi sa a pral kite Afrik nan semèn k’ap vini yo.


Bank fransè yo


Si nou fèmen tout kont nou yo ki nan diferan bank fransè yo, yo pral kite Afrik. Se menm jan an pou konpayi asirans yo a.


Otèl fransè


Nou vrèman bezwen yo? Gen tèlman otèl nasyonal, ke nou ta dwe ale nan yon otèl fransè sèlman si’l chwazi e peye pa antrepriz nou an. E trè souvan nou gen posiblite pou nou fè chwa nou.


Makèt fransè yo


N’ap dakò ak mwen se sèlman moun ki pat espere k’ap pouse Afriken an Afrik yo, pou al achte nan bann makèt fransè yo. Nou gen ase mache santral ak lòt boutik an Afrik, pou dezire makèt fransè yo. Li sifi pou nou sèlman kite "Fè wè a" e pwoblèm sa a regle.


Sa ki vrè pou egzanp ki site an wo yo, li vrè tou pou tout bagay fransè yo. Nou gen: Sant kilti fransè yo, ponp gazolin fransè yo, machin mak fransè yo, medya manti fransè yo, restoran fransè yo, rad ak bijou fransè yo, lang franse a, elatriye. Nan yon sèl mo: TOUT BAGAY FRANSÈ.


Si pou lang franse a li pral difisil pou kèk moun retounen lekòl pou aprann bann lòt lang kounye a, li enpòtan ke nou ta oryante timoun nou yo pou aprann bann lòt lang menm jan ak lang franse a.


Chokola a


Nou dwe pa bliye tou pou bòykote chokola a, ke li se fransè ou lòt kote, donk se tou pou chokola a ke ameriken yo te aksepte pou soutni sèpan sarkozy nan masak bann Ivwaryen yo. E jan nou ka konstate’l la, pòv peyizan yo ki t’ap viv deja desamman nan kilti kakawo a, ap mouri grangou kounye a. Kenbe ke nan achte chokola sa a, nou ap selebre ak kriminèl sa yo asasina pil bann patriyòt yo ki te masakre yo, e nou ap patisipe nan ekstèminasyon pòv peyizan ivwaryen sa yo k’ap mouri chak jou a koz lamizè a ke vòlè kakawo yo te plonje yo a.


Kèk moun ka pral mande ki sa ki pral rive konpatriyòt k’ap travay kounye a nan sosyete sa yo ak lòt estrikti fransè yo yon fwa ke yo pral fèmen pòt yo apre bòykote a. Mwen poze tèt mwen kesyon sa a tou. Repons lan pa konplike. Yo pral jwenn travay nan estrikti ki pral kreye yo nan ranplasman sa yo ke parazit sa yo pral kite pandan yo prale yo. Kontrèman a sa ke nou ka panse a, depa lafrans pral ouvri pòt ak yon pi gran kreyasyon anplwa, e ak anpil opòtinite ki aktyèlman bloke pa menm frans sa a. Moun pami nou ki byen konnen Afrik, konnen ke lafrans kòronpi dirijan Afriken yo, e ak konplisite yo, li detwi tout antrepriz yo ak inisyativ nasyonal yo, pou renye an mèt sou ekonomi nou an.


Se solisyon sa a ke mwen propoze depi plis pase yon dizèn ane deja. Men kèk tròp ki angaje yo nan konba sa a; men poukisa efè yo pa trè vizib. Li enpòtan pou nou pou konprann ke nan mond sa a, gen bann gè ke nou ka mennen san zam, ak bann viktwa ke nou ka ranpòte san vèse san. Li sifi pou yon pèp ini’l, detèmine’l, reziste’l, ak yon vrè vizyon pou viktwa a.


Sa ki toujou tèribman manke pou Afriken yo, se inite a. Afriken yo toujou trè difisil pou yo ini yo pou defann kontinan yo a tankou jan Lachin te fè’l la, tankou jan lòt nasyon te fè. Se domaj! Nou pral fè efò pou regroupe tout moun nan koz sa a, nou dwe sansiblize maksimòm moun. Gen malerezman bann Afriken, pou laplipa "entèlektyèl yo", k’ap rejwi yo wontezman nan asasina gid Libyen an Mouammar Kadhafi, ak pyetinman Afrik la ak kidnapin e kounye a anlèvman prezidan Laurent Gbagbo. Sa fè pitye! Men kisa nou vle? Chak pèp gen idyo pa yo, e Afrik pap rete san pa’l. Konnen sepandan ke avèk ou san trèt Afrik sa yo, nou ka ranpòte viktwa a.


Nan mennen konba sa a, nou prale kòt a kòt fè presyon sou dirijan Afriken yo nan zòn fran an, pou ke yo renonse rapidman ak monnen lawont sa a ki se CFA a. Konnen tou ke se pou eksprè ke mwen pat pale de ka RDC an isi a. Nou pa pral inyore sò a ki plis pase pitwayab bann santèn moun k’ap mouri chak jou nan RDC, ak bann santèn fanm k’ap vyole chak jou anba je "byenveyan" "protektè" yo a. Mwen te neglije ka sa a paske li pa enplike lafrans sèlman. Nou pral egzaminen ka sa a prochènman.


Angaje nou nan konba sa a, e sansiblize tout fi onèt ak gason onèt Afrik yo, ak zanmi Afrik yo, pou regroupe yo nan konba sa a. Pa tonbe menm ankò nan pyèj pou vle ou pou tèl ou tèl lòt peyi Afrik. Ann konsidere Afrik antye tankou yon peyi. Inite a se kle delivrans total Afrik. Si nou chak fè konba sa a pròp konba nou, viktwa a asire, e li pa pral fè tann. Si nou tout bòykote tout bagay fransè, lafrans malgre mafya’l la, pral wè li byen oblije kite Afrik, e Afrik pap gen jenosid sou sòl li a menm ankò, e Afriken yo pral rejwenn dinyite yo.


Fi ak gason onèt Afrik yo, si nou choke tou, pè tou, imilye tou, fwase tou, endinye tou, revòlte tou ak eskandalize tou menm jan ak mwen pou wè tretman ki rezève pou Afrik pa senyè latè sa yo, regroupe nou nan koz sa a. Si nou kwè tankou’m ke chak bagay dwe gen yon fen, vin jwenn mwen nan konba sa a. Ansanm n’ap venkè!


Ke Bondye beni nou!


DFA

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF