Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

IPOKRIT YO METE TOUTOUNI


1- Entwodiksyon


Chè zanmi ak chè frè, depi kèk tan, Bondye te chwazi pou revele nou vrè nati moun sa yo k’ap dirije moun sa a. Tout aksyon yo ki depi trè lontan ki te kenbe sekrè, yo tèlman ekspoze nan jou nou yo, ke li vin trè difisil, menm pou moun ki pi nayif la nan mond lan, pou’l kite yo balanse’l pa jan de manti ridikil e imodereman ridikil ke enbesil sa yo ap tante pou fè kouri jodi a.


Ipokrit sa yo te anfen mete toutouni, tèlman e si byen ke si yo te moun nòmal tankou nou menm ak mwen, yo t’ap kanpe tou senpleman aksyon yo a ak lòt projè kriminèl ke yo genyen yo, pou yo pa ridikilize menm ankò. Men kòm nou konstate’l, mo ridikil pa fè pati vokabilè moun sa yo, ase pou prouve nou si li te toujou bezwen, ke gangstè sa yo yo pa moun. Donk kisa yo ye?


Pou reponn a kesyon sa a, mwen trouve nesesè pou pataje avèk nou kèlke pasaj Bib sa yo.


Matye 3:7. Men, li wè anpil farizyen ak sadiseyen ap vini nan batèm li an, li di yo: Ras vipè, kiyès ki te aprann nou pou kouri pou kòlè k’ap vini an?


Matye 12:34. Ras vipè, kòman nou ka di bon bagay, mechan tankou nou ye? Donk se nan abondans kè a ke bouch la pale.


Matthieu 23:33. Sèpan, ras vipè! Kòman nou pral chape nan chatiman dife ki pap janm mouri a?


Nan premye pasaj la ki site anwo a, nou wè Jan Batis rele kèk nan moun ki t’ap vin nan batèm li an, ras vipè. Nan de lòt yo, se Jezi nan kout pa li ki rele kèk nan moun ki t’ap koute’l yo, sèpan, ras vipè, elatriye. Nan lekti pasaj sa yo, nou te toujou mande tèt nou poukisa ke Jezi ou Jan Batis te bay jan de non sa a a kèk "moun". Nou te menm mande tèt nou si propo sa yo, ke se nan Jezi ou nan Jan Batis, pat yon mank dega. Men yon etid swanye te pèmèt nou pou konprann ke ni Jezi, ni Jan Batis pa t’ap pran plezi yo pou manke nenpòt moun nan dega. Yo te moun espirityèl, e te konnen vrè nati lòt swadizan moun sa yo. Se pa ras imen yo ye, men pito ras vipè. Donk se pa non yo, ke Jan Batis ak Jezi te rele yo. 


Donk pa etone menm ankò pa gro krim vilgè yo a. Pa mande tèt nou ankò menm kòman bann moun ka chita ak planifye masak bann dizèn ak bann santèn milye moun san yon ti sousi, san yon ti remò. Se pa moun yo ye. Se bann sèpan. Se pousa menm wont pa gen okenn efè sou yo. Byen ke tout ipokrizi yo a, manti yo a ak mechanste yo a mete toutouni, e menm ke yo pa gen yon ti agiman pou jistifye foli yo a, yo kontinye kan menm.


Tankou an Afganistan, tankou an Irak, tankou nan Kot Divwa, Tankou an Libi, tankou an Siri, yo nan Mali kounye, avèk menm gwo vilgè manti yo tankou bann ti banben ak lide kout, tankou bann vilgè idyo ak ti enjenyozite. Yo planifye ak provoke bann gè, e prezante tèt yo answit tankou bann mesaje lapè, yon lòt manyè pou fè nou kwè se sèlman piromàn yo ki vrè protektè. Alelouya!


Tèks sa a ke mwen pral propoze nou an, se transkripsyon diskou yon depite bèlj ki vrèman nève pa enbesilite bondye mond sa yo, mechan sa yo ki pa janm fatige pou vèse san bann inosan ak pou detwi ak piye bann peyi pi fèb e pi vilnerab. Byen ke li sèl kont tout lòt palmantè yo, Laurent Louis, donk se li menm sa konsène, li opoze’l kont desizyon peyi’l la Bèljik, pou patisipe nan gè nan Mali a; donk kòm li te pran risk pou demontre’l, gè sa a te kreye pa sila sa yo menm k’ap ajite yo a kounye a e pran devan pou swadizan defann Mali. Depite bèlj sa a donk te chwazi, pou mete vil an danje, donk nou konnen kòman mafya sa a fonksyone, pou pa fè silans, men pou kriye ak gwo vwa zèv kriminèl vanpi sa yo ki pap janm rasazye nan san, e pou denonse rekolonizasyon Afrik la.


M’ap presize isi a ke palmantè sa a pa ni yon pastè, ni yon evèk, ni yon relijye k’ap preche yon kèlkonk levanjil. Se tou senpleman yon nonm ki pasyone jistis ak verite. Mwen lèse nou swen pou li diskou sa a. Li pral san di ke apre diskou’l la, pèsonn pat bat bravo. Yo pral jis manje dan yo tankou yo abitye, men pap janm renonse ak foli yo a.  


Si demon sa yo te renonse a foli yo a, sa t’ap mete an koz otorite Bib la. Nan lòt tèm, tann repantans nan men demon sa yo, se kwè ke Bib la fo. Bib la pa di nou ke li enposib pou yon lewopa chanje tach li yo? Jeremi 13:23


Nou ankouraje pou li ansèyman sa a. Nou rekòmande nou tou lòt ansèyman ki trè edifyan yo ki sou sit entènèt www.mcreveil.org a.


2- Kòmansman diskou a


Mèsi Mesye prezidan,


Mesye minis yo, chè kòlèg,


Bèljik se byen peyi nan sireyalis. Maten sa a, nou aprann nan laprès ke lame bèlj la enkapab pou lite kont kèlke militè ekstremis nan konviksyon islamis radikal ki egziste nan pròp sen’l e ke li enposib pou lisansye yo, a koz de manke mwayen jiridik. E pa kont, nan yon menm tan, nou deside pou ede lafrans nan lit li a "kont teroris", nan pote yon èd lojistik ba li pou operasyon’l lan nan Mali. Pou kisa nou pa fè’l pou lite kont teroris la nan deyò fontyè nou yo?


Mwen espere jis ke nou pral byen veye pou pa voye pou operasyon anti-teroris sa a nan Mali, fame solda bèlj islamis sa yo. Mwen di’l sou fòm limou enn, men sa k’ap pase a kounye a nan mond lan pa fè’m ri ditou.


Sa pa fè’m ri donk san okenn dout, dirijan peyi oksidantal nou yo y’ap pran pèp yo pou bann enbesil, ak lèd ak soutyen laprès ki sèlman jodi a, yon ògàn pou propagand pouvwa an plas yo. Prèske tout kote nan mond lan, entevansyon militè yo ak destablizasyon rejim yo, vin pi frekan. Lagè prepare davans yo vin règ la.


E jodi a, nan non "demokrasi" oswa "lit kont teroris", Eta nou yo akòde yo dwa pou vyole souverènte peyi endepandan yo ak pou ranvèse bann dirijan lejitim. Te genyen Irak ak Afganistan: gè manti ameriken sa yo. Answit vini Tinizi, Ejip, Libi kote, gras ak desizyon nou yo, peyi nou an te patisipe, an premye liy, a bann krim kont Limanite pou ranvèse, a chak fwa, bann rejim progresis e modere e pou ranplase yo pa bann rejim islamis ke, e se kan menm biza, premye volonte a te pou enpoze Charia a! Li menm jan an kounye a an Siri kote Bèljik ap finanse wontezman ameman bann rebèl islamis yo k’ap tante pou ranvèse Bachar al-Assad.


Konsa, nan plen kriz ekonomik, alòske toujou plis Bèlj gen bann difikilte pou yo loje yo, nouri yo, chofe yo ou swanye yo, minis Afè etranje a te deside pou ofri rebèl siryen yo, 9 milyon ero. Bien-si, yo pral tante pou fè nou kwè ke lajan sa a pral sèvi pou bann fen imanitè: yon manti ankò!


E tankou jan nou wè’l depi bann mwa, peyi nou an pa fè anyen ke patisipe nan mete an plas rejim islamis yo nan Nò Afrik ak nan Mwayen Oryan. Alò kan yo sot pretann yo pati an gè pou lite kont teroris nan Mali, e byen mwen byen anvi pou ri: se manti! Anba aparans bon aksyon, nou entèveni sèlman pou defann bann enterè finansye nan yon total lojik neo-kolonyalis. Li veritabman pa koyeran pou pati ede lafrans nan Mali, nan non lit kont teroris islamis, lòske nan menm moman an, n’ap soutni an Siri, ranvèsman Bachar al-Assad pa bann rebèl islamis yo ki swete enpoze Charia a, tankou se deja fè nan Tinizi oswa an Libi. Fòk yo vrèman sispann ban nou manti ak pou pran moun yo pou bann enbesil.


Tan an li okontrè vini pou di laverite. Nan ame rebèl islamis yo tankou jan oksidantal yo te oparavan ame Oussama Ben Laden, zanmi ameriken sa a anvan ke li retounen’l kont li, e byen peyi oksidantal yo profite sa pou enplante, nan nouvo peyi ki soumèt yo, bann baz militè, nan favorize antrepriz nasyonal pa yo a. Tout donk se estratejik. An Irak, alye ameriken nou yo te mete men sou richès petroliye peyi a. Nan Afganistan, se te sou opyòm nan ak dròg la, toujou trè itil pou fè anpil lajan ase rapidman pou li. Nan Libi, nan Tinizi, An Ejip ou ankò an Siri bi a te la, e li la ankò aktyèlman, pou ranvèse bann pouvwa modere pou ranplase yo pa bann pouvwa islamis ki, trè rapidman pral vin jenan e ke nou pral atake, san vègòy, sou pretèks pou lite, a moman sa a ankò, kont teroris ou pou proteje Izrayèl. E donk prochen sib yo nou deja konnen yo. Nan kèlke mwa, mwen parye ke rega nou pral tounen vè Aljeri e finalman, vè Iran.


Fè lagè pou libere pèp yo nan yon agresè deyò se onorab, men fè lagè pou defann enterè Etazini, fè lagè pou defann enterè gwo sosyete yo tankou Areva, fè lagè pou mete men sou min lò yo, sa a pa gen anyen pou wè ak onorab e sa fè de peyi nou yo bann peyi agresè e vwayou. Pèsonn pa oze pale, men pa janm bliye mwen pap rete an silans, e trò movè si lit mwen an dwe fè’m pase pou yon ennmi sistèm sa a k’ap bafwe dwa moun yo nan non bann enterè finansye, jeoestratejik ak neyokolonyalis.


Bafwe rejim sa a ak denonse’l se yon devwa ak yon fyète pou mwen, e sensèman mwen eskize’m pou vokabilè popilè ki itilize, mwen di lanmèd pou tout swadizan byen pansan yo ke yo de goch, de dwat ou nan mitan, ki jodi a nan pan rad pouvwa kòronpi nou yo e ki pral plenyen yo pou tounen’m nan ridikil. Mwen di lanmèd pou dirijan nou yo k’ap jwe ak bonb yo a tankou bann ti banben nan yon lakou rekreyasyon, mwen di lanmèd pou sila yo ki pretann yo se demokrat yo alò ke yo sèlman se bann kriminèl nan ba etaj la. Mwen pa gen anpil respè non plis pou jèn jounalis yo ki gen odas pou fè pase bann opozan pou bann bèt mantal, alò nan fon, yo konnen trè byen ke opozan sa yo gen pafètman rezon, mwen meprize anfen nan pi wo pwen, sa yo ki pran yo pou wa mond lan e k’ap dikte nou lwa pa yo, donk mwen menm mwen bò kote verite a, bò kote jistis la, bò kote viktim inosan sa yo nan farin nan tout pri. E se pou rezon sa a ke mwen deside pou opoze’m klèman ak rezolisyon ki voye peyi nou an soutni lafrans nan operasyon neyokolonyalis li a.


Depi kòmansman operasyon franse a, manti a te òganize, yo di nou ke lafrans pa fè anyen ke reponn apèl sekou yon prezidan malyen. Nou ta prèske bliye ke prezidan sa a pa gen okenn lejitimite e ke yo te mete’l an plas pou asire tranzisyon ki te swiv kou Deta Mas 2012 la. Kiyès ki te soutni kou Deta sa a? Kiyès ki baz li? Pou kiyès prezidan tranzisyon sa a ap travay? Men premye manti a! Prezidan franse a François Hollande oze pretann mennen gè sa a pou lite kont djiadis yo k’ap menase, o y’ap menase randevou kont, teroris franse eropeyen. Men manti lèd la! Nan repran agiman ofisyèl sa a, pandan’l tou profite pou fè popilasyon an pè, nan ogmante nivo menas teroris la, nan mete an travay plan Vijipirat la, dirijan nou yo ak medya yo fè prèv yon odas inimajinab. Kòman nou ka oze fè soti yon agiman konsa alòske lafrans ak Bèljik pat ezite pou ame ak pou soutni djiadis yo an Libi e ke menm peyi sa yo kontinye aktyèlman pou soutni djiadis sa yo an Siri? Pretèks sa a sèvi sèlman pou kache bann desen estratejik ak ekonomik.


Peyi nou yo pa pè menm ankò enkoyerans lan, donk tout te fèt pou kache’l, men enkoyerans lan li poutan byen prezan. Se pa demen ke nou pral wè yon Malyen vin komèt yon atanta an Eròp, non! A mwens ke yo kreye youn sibitman pou pi byen jistifye ankò operasyon militè a. Yo te byen kreye 11 Septanm pou jistifye envazyon an, arestasyon abitrè, maltretans ak masak bann popilasyon inosan, alò kreye yon teroris malyen bon, sa pa dwe trò konplike pou dirijan sanginè nou yo.


Yon lòt agiman ki itilize pou jistifye dènye mwa operasyon militè sa yo, se proteksyon bann dwa moun, ha ha agiman sa a li ankò itilize jodi a pou jistifye gè a nan Mali. "Men wi nou dwe aji, donk sinon mechan islamis radikal yo pral enpoze charia a nan Mali, lapide fanm yo ak koupe men vwayou yo." Se vre ke entansyon an li onorab e li ka sove moun, se sèten! Men poukisa alò, men poukisa peyi nou yo te deside pou aplike charia sa a nan peyi sa yo ki te, pa gen si lontan de sa ankò, modèn ak progresis? Mwen envite nou pou mande ak jèn Tinizyen yo ki nan baz revolisyon Tinizi an si yo ere de sitiyasyon yo a. Tout sa se ipokrizi!


Objektif gè nan Mali sa a li trè klè, e piske nou pa pale de li mwen pral pale de li. Objektif la se pou lite kont Lachin ak pou pèmèt a alye ameriken nou an pou kenbe prezans li an Afrik e nan Mwayen-Oryan. Se sa ki lide operasyon neo-kolonyalis sa yo. E nou pral wè, kan operasyon militè a pral fini, lafrans pral konsève byen nantandi bann baz militè yo nan Mali, baz sa yo pral sèvi ameriken yo tou e an menm tan, paske sa toujou pase konsa, bann sosyete oksidantal yo pral mete men sou bann kontra k’ap bay bon randman ki pral prive ankò peyi kolonize yo de richès yo a ak de matyè premye yo a.


Alò se pou nou byen klè. Premye benefisye operasyon militè sa a, se pral patron yo ak aksyonè yo nan jeyan fransè Areva yo k’ap tante depi bann ane pou jwenn eksplwatasyon yon min iranyòm nan Falea, yon komin ki gen 17000 abitan ki sitiye a 350 km de Bamako. E mwen pa konn poukisa, men ti dwèt mwen di’m ke li pa pral pran lontan pou ke Areva ka anfen eksplwate min sa a. Mwen pa konnen, se yon enpresyon ke mwen genyen. Donk li pa nan kesyon ke mwen patisipe nan kolonizasyon minyè sa a, kolonizasyon tan modèn sa a. E pou sa yo k’ap doute de agiman’m yo, mwen envite yo sensèman pou yo ransenye yo sou richès Mali yo.


Mali se yon gran prodiktè lò pa tro lontan, li te dezinye, pa tro lontan, tankou yon peyi k’ap ofri yon anviwònman nan klas mondyal pou eksplwatasyon iranyòm nan! Men kòm se biza! Yon pa pi plis vè yon gè kont Iran, se yon evidans. Pou tout rezon sa yo e pou ka pa tonbe nan pyèj manti ke yo tann pou nou an, mwen te deside pou pa soutni entèvansyon sa a nan mali, mwen pral vote donk kont. Ak nan fè sa, mwen pral fè prèv koyerans piske mwen pat janm soutni pa tan pase yo entèvansyon kriminèl nou yo an Libi ou an Siri, profil mwen konsa tankou sèl palmantè peyi sa a pou defann non-enjerans lan ak lit kont enterè fènwa yo. Mwen panse vrèman ke li gran tan pou mete yon fen ak patisipasyon nou ak ONU, ou ak OTAN e pou soti nan Inyon Eropeyen si Eròp sa a, olye pou li se yon gaj lapè, vin yon zam atak ak destablizasyon peyi souvren yo, nan men enterè finansye yo e pa pi imanis. Anfen, mwen ka sèlman ankouje gouvènman nou an pou raple prezidan Hollande obligasyon yo ki soti nan akò Genèv la nan matyè respè prizonye gè yo.


Mwen te vrèman imilye pou tande nan televizyon nan bouch prezidan franse a ke entansyon’l se te pou detwi teroris islamis yo. Mwen pa ta vle ke kalifikasyon ki itilize a pou nonmen opozan rejim malyen yo, a a se toujou pratik, jodi a pou pale de teroris islamis yo, swa itilize pou kontoune obligasyon tout Eta demokratik nan matyè respè dwa prizonye gè yo, n’ap tann yon respè konsa nan men "patri dwa moun".


Anfen e pou fini, pèmèt mwen pou soulinye ak lejète ke nou deside pou pati an gè a. Tou dabò gouvènman an aji san yon ti otorizasyon palman an, li parèt ke li gen dwa sa a, li voye materyèl, bann moun nan Mali, palman an reyaji an swit e kan li reyaji tankou jodi a, e byen enstitisyon sa a konpoze sèlman de yon tyè nan manm sa yo, ankò anpil mwens si yo pale de eli frankofòn yo. Donk se yon lejète koupab ki pa mansyone vrèman, ki soti nan yon palman ki gen bann toutous soumèt ak dikta bann pati politik. Mwen remèsye nou! [Fen diskou a]


3- Leson pou Aprann


Moun pami nou ki t’ap doute ankò de orijin gè sa yo k’ap devaste peyi yo youn apre lòt, te konprann fwa sa a. E pou nou menm ki te panse ke mond lan t’ap dirije pa bann moun nòmal, nou konnen kounye a ke se pa sa’l ye. Mond lan li jere pa yon souch bann reptilyen, bann demon sou fòm moun, bann sèpan ki pran plezi yo sèlman pou mòde moun yo a mò, bann vanpi k’ap viv sèlman ak san moun. Se poutèt sa ke y’ap masakre bann milyon moun san etadam. Se egalman pou sa ke yo pap janm sispann kreye bann gè, kèlke swa sa ke yo fè, e kèlke swa fòs bann propo ke yo itilize pou denonse yo e mete yo toutouni.


Yo menm yo te planifye evènman 11 septanm 2001 yo, nan masakre volontèman bann milye moun nan New York, pou fè ak yo yon pretèks pou gè nan Afganistan an. Nou konnen swit la. Bann santèn milye moun te touye, bann milye lòt te arete ak maltrete pou yon krim ke yo pat janm komèt. E nan moman sa a menm, gen ankò bann inosan nan maskarad sa a ki kontinye ap maltrete, malgre delij bann eleman ki prouve ke evènman 11 septanm yo pat yon aksyon teroris nan anyen, men yon montaj ameriken. Se sa ki demokrasi a.


Sou baz yon manti deja totalman mete toutouni jodi a, yo te ale detwi Irak, nan masakre bann santèn milye moun, nan pann Saddam Hussein, ak nan detwi totalman tout fanmi’l. E kan y’ap komèt krim tèrib sa yo, yo plase yo devan kamera televizyon, pou yo glorifye tèt yo ak sa. Pa pase yon sèl jou san atak an Irak, e bann lòt milye moun kontinye ap mouri, swit menm gè a. Se sa ki demokrasi a.


Yo te planifye ak finanse yon kou Deta nan Kot Divwa, ki te echwe e te chanje’l nan yon swadizan rebelyon ki te dire di zan. An natandan pou reyisi kou Deta yo a kont Prezidan Laurent Gbagbo, yo te miltipliye bann masak ak bann asasina sible, tankou pa jounalis franko-kanadyen an Guy André Kieffer, nan bi pou akize Prezidan Gbagbo e mete’l nan prizon lawont lan, kou sa a pat trè fasil pou yo, e yo te kontrenn pou fè rekou nan eleksyon frod yo pou jistifye yon gè kont Kot Divwa. Bann milye moun te masakre, e masak la kontinye. Asasina Prezidan Gbagbo a te echwe, a koz bann priyè anpil bann pitit Bondye. Malgre lefèt ke manti sa a te deja totalman mete toutouni, prezidan Gbagbo toujou nan prizon, madanm li ak pitit gason’l lan kontinye ap maltrete nan prizon, ak plizyè manm pati’l la ak gouvènman lan. Sa yo ki te ka trouve azil nan yon peyi vwazen, yo rabat yo e, swa yo likide yo, swa yo ekstrade yo nan Kot Divwa, pou maltrete. Se sa ki demokrasi a.


Ka Kot Divwa a te très byen rezime nan yon atik ki rele: "Ka Gbagbo a: Pòt Revèy Afriken", ke nou rekòmande nou vivman lekti a. N’ap jwenn li sou sit Entènèt www.mcreveil.org a.


Sou baz yon manti ki deja totalman demontre jodi a, yo te ale detwi Libi, nan masakre bann dizèn milye moun, nan asasinen gid Kadhafi e detwi totalman fanmi’l. E moun nan fanmi’l ak gouvènman li a ki pa "malè" te chape nan lanmò, pral fini lavi yo nan bann prizon. E kòm abitid, apre krim endinyasyon yo a, fidèl ajan lisifè sa yo plase yo devan kamera televizyon yo, pou glorifye tèt de sa. Men eta lespri malad mantal sa yo k’ap dirije mond lan. Men an natandan, se sa ki demokrasi.


Gè an Siri a toujou la, mwen fè ekonomi resi makab li a pou nou. Moun ki toujou ap bay leson demokrasi yo, finanse ak soutni ouvètman teroris an Siri yo, nan "konbat" menm teroris sa a nan Mali.


Ke tout idyo Afriken sa yo k’ap soutni e aklame lafrans nan Mali, konprann trè byen ke se lafrans ki te òganize ak te planifye okipasyon an nan Nò Mali pa islamis yo. Donk konnen ke se yon mete an sèn ke y’ap fè, e finalite a, se rekolonizasyon Mali ak Afrik. Yon pakèt idyo nan reklame tèt yo nan Wo konsèy Malyen yo ki soti lafrans, e te menm envite tèt yo sou eskalye elize a dènyèman, pou swadizan remèsye françois hollande pou "gran desizyon kouraje sa a", pas "ke gen plizyè otaj franse nan men AQMI ak group teroris". Nayif sa yo sanble inyore ke eta teroris yo tankou lafrans pa ezite souvan pou sakrifye kèk nan moun pa yo, kan sa ka sèvi yo propagand, e kan pi gwo enterè yo nan danje.


Boufon sa yo te konkli nan diskou yo a nan deklare ke "zanmi yo se nan eprèv yo ke yo konte yo". Sa fè pitye! Men bann Afriken, byen enstwi pou laplipa nan yo, pou kwè yo ozanj paske yo te resevwa yo nan elize, e ki trè "boulvèse", etale yo san kenbe okenn, yon laj souri ridikil, kwafe imaj tris sa a bann esklav dosil devan mèt yo. Yo te si tèlman boulvèse ke yo pataje bann sotiz san yo pa rann yo kont. Soumi sa yo se sètènman sèl moun pou inyore, nan bèl mitan 21è syèk, ke Afrik gen sèlman lafrans kòm ennmi ki pi mal. Pandan ke yon Bèlj ap denonse rekolonizasyon Mali a, panten sa yo ap louwe hollande pou menm rekolonizasyon sa a. Yon manyè pou di ak lemond antye ke Afriken santi’l alèz sèlman tankou esklav. Kisa ke nou vle! Se sa moun esklav. E konsa Afrik prale.


Gè nan Mali a li tèlman franse ke Afriken yo yo pito envite pou ede lafrans. Mwen te byen mare lotrejou pandan’m t’ap li tit BBC sa a: "France's Fabius says Africa 'must' send troops to Mali." Lafrans ki an gè pou defann youn nan provens li yo ki rele Mali, pito ke pou sipliye Afriken yo pou ba’l yon kout men, pale ak otorite e ak menm kondesandans ke yo rekonèt pou li a Fabius "bay lòd" a Afrik pou voye bann troup nan Mali, tit BBC. E nou pral wè prezidan afriken yo soumèt yo a enjonksyon sal sa a. A wi! Se tout sa ki demokrasi a.


Pèmèt mwen pou fini ak yon ka ke yo pa prèske mansyone menm. Ka RDC (ansyen Zayi). Nou bliye chak fwa ka RDC a kote bann milye moun ki kontinye ap mouri, e bann milye fanm ki kontinye ap vyole, anba proteksyon bann kamera bann medya manti yo etabli nan koz bondye demon sa yo. Si yo pa pale prèske yon ti kras de ka RDC a, se paske yo fè’l yon gè k’ap dòmi, yon gè silansye ki pa janm fini, ou di mwens, ki pral fini sèlman nan jou kote pap gen anyen anba tè peyi sa a. Mechan sa yo te kreye gè a nan RDC e fè tout bagay pou yo pèpetre’l, nan bi pou piye san pètibasyon, ak nan san bann milyon Kongolè, resous minyè peyi sa a ke sèl malè li se gen yon anba tè ekstrèmman rich.


Pou prouve nou ke moun sa yo pap janm chanje, mwen ban nou jis kèk mwa. Depi ke yo fini avèk Mali, yo pral anvayi yon lòt peyi, sou baz bann menm manti timoun yo e ridikil yo, an depi de tout sa ke n’ap di la yo. Konsa jesyon mond lan prale pa sèpan yo, ras vipè sa a ki, an natandan pou fè fas yon jou ak jijman Bondye vivan an, gen ankò pil bann bèl jou masak devan yo, ak anpil tôn san pou kolekte.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF